Accessibility links

Breaking News

Lidè 2 Kore yo Rankontre pou yon 3èm Fwa pou Ane 2018 la


Lidè 2 Kore yo, Kim Jong un (Kore di Nò, a dwat) ak Moon Jae-in (Kore di Sid, agoch) rankontre nan ayewopò entènasyonal Sunan nan nan Pyongyang, nan Kore di Nò.
Lidè 2 Kore yo, Kim Jong un (Kore di Nò, a dwat) ak Moon Jae-in (Kore di Sid, agoch) rankontre nan ayewopò entènasyonal Sunan nan nan Pyongyang, nan Kore di Nò.

Prezidan Kore du Sid la, Moon Jae-In, avèk lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, mete fen nan premye jounen yon seri negosyasyon k ap dire 3 jou nan vil Pyongyang, nan Kore di Nò. Prezidan Moon fè deplasman an avèk yon drlegasyon ki genyen preske 200 manm. Objektif prensipal somè sa a se bese tansyon an ant 2 Kore yo epi ranfòse efò k ap fèt pou denikleyarize Preskil Kore a.

Kim Jing Un te ouvè seyans la avèk bon jan konpliman li fè pou Prezidan Moon poutèt li te pare chemen an pou yon somè amerikano-nò-koreyen istorik ki te dewoule nan peyi Sengapou nan mwa jen pase a e, dapre kèk sous, poutèt l ap fè efò pou l establlize sitiyasyon politik la nan rejyon an

Si se 3èm rankont fas-a-fas ki fèt ane sa a ant dirijan 2 Kore yo, somè entè-koreyen sa a se yon okazyon kote 2 peyi yo poze kèk aksyon ki fèt pou la premye fwa, daprè pòt-pawòl gouvènman sud-koreyen an, Yoon Youn-Chan. Misye Yoon deklare :

<< Se premye fwa lidè 2 peyi yo reyalize yon somè nan kapital Kore di Nò a, Pyongyang; epi, yon lòt bagay ki fèt pou la premyè fwa: òkès militè ki resevwa delegasyon ofisyèl Kore di Sid la jwe mizik ke gouvènman Kore di No a rezève an jeneral pou gwo dirijan peyi a. >>

Lidè 2 Kore yo te bay akolad apre Prezidan sid-koreyen an, Moon Jae-in (a goch) te fin debake nan ayewopò emntènasyonal Sunan nan Pyongyang.
Lidè 2 Kore yo te bay akolad apre Prezidan sid-koreyen an, Moon Jae-in (a goch) te fin debake nan ayewopò emntènasyonal Sunan nan Pyongyang.

Se premye fwa tou Prezidan Moon ak Misye Kim mache ansanm sou yon tapi wouj nan ayeropò entènasyonal Sunan nan nan Pyongyang, e se premye fwa lidè sid-koreyen an pase lame nò-koreyèn nan an revi.

Aprè seremoni byenveni an ki dewoule nan ayewopò a, kote delegasyon Kore di Sid la te pran dejene li, premye sesyon somè entè-koreyen an te kòmanse vè 3:45PM, lè lokal, nan katye-jeneral Komite Santral Pati Travayè Nò-Koreyen an.

Anvan seyans la te kòmanse, Madam Prezidan Moon nan, Kim Jung-sook, te kite lokal negosyasyon yo pou l t al vizite yon lopitla pou timoun, Lopital Okyu; nan vizit sa a li te genyen avèk li tokay nò-koreyèn li, Ri Sol Ju, madanm Kim Jong Un.

XS
SM
MD
LG