Yon jou anvan dewoulman yon 3èm rankont ant lidè 2 Kore yo (Kim Jong UN, pou Kore di No, ak Moon Jae-in, pou Kore di Sid) Prezidan Moon deklare objektif li se chache garanti yon lapè dirab ant Sewoul ak Pyongyang, epi, an menm tan, chache rapwoche Kore di Nò avèk Lèzetazini.
Misye Moon bay detay sou objektif sa yo pandan li tap rankontre ak prensipal kolaboratè li yo nan kapital Kore di Sid la jodi lendi 17 septanm 2018 la. Demen madi a, prezidan sid-koreyen an prale nan Kore di Nò pou premye nan yon seri de negosyasyon k ap dire 3 jou avèk Kim Jong Un.