Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Premye Minis Nonmen Jean Henry Ceant Jwen Envitasyon pou Prezante Enonse Politik Jeneral li devan Palman Nan dat 14 Septanm, 2018


Premye Minis Nonmen Jean Henry Ceant ki Andedan Plaman ayisyen.
Premye Minis Nonmen Jean Henry Ceant ki Andedan Plaman ayisyen.

Premye Minis nonmen ayisyen an , Jean Henry Ceant ansanm ak manm kabinè ministeryèl li a, resevwa envitasyon pou vinn prezante enonse politik jeneral li devan palman an vandredi 14 Septanm 2018 , dapre anons prezidan Asanble Nasyonal la Joseph Lambert fè nan okazyon ouvèti seyson ekstrawòdinè palman an mèkredi 12 septanm nan. 21 senatè ak 61 depite te patisipe nan seyans ekstrawòdinè a .Prezidan Jovenel Moise te konvoke palmantè ayisyen yo 24trè apre palman an te klotire 2èm sesyon òdinè ane lejislatif la. Nan deklarasyon senatè Youri Latortue fè nan laprès sou kesyon-an, li di minis ak sekretè deta ki peye taks yo an reta pa ta dwe entegre gouvènman an poutèt yo vyole lwa sou taks , paske se yon demach tout sitwayen dwe fè regilyèman chak ane.

Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè anonse yo demantle yon rezo moun kap fè fo dokiman nan depatman Lwès la. Selon deklarasyon pòt pawòl polis nasyonal la, Michel-Ange Louis, fè nan laprès , fòs de lòd yo arete 4 manm rezo a, yo sezi yon douzèn fo dokiman ak zam afe. Responsab la pat vle bay plis detay sou demantèlman poutèt ankèt la ap kontinye.

Aktè Jimmy Jean Louis, Garcelle Beauvais ak womansyè Edwidge Danticat se 3 selebrite dorijin ayisyèn ki pral patisipe nan prestijye festival Entènasyonal du Film Black de Montreal , soti nan dat 25 pou rive 30 Septanm 2018 la.

XS
SM
MD
LG