Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Eksprime Lakontantman Deske Lidè No-Koreyen Kim Jong Un Fè yon Parad Militè San Pwente Misil Sou Etazini.


Foto Prezidan Donald Trump. AP/Susan Walsh
Foto Prezidan Donald Trump. AP/Susan Walsh

Prezidan Donald Trump fè konnen Kore Dinò poze yon gwo aksyon pozitif san pale deske li mete sou pye yon parad militè san deplwaye misil ak kapasite pou frape Etazini. Mesye Trump remèsye lidè nò-koreyen Kim Jong Un pou jès li fè nan sans sa a nan okazyon 70zyèm anivèsè kreyasyon peyi azyatik la dimanch 9 septanm nan.

Prezidan Trump presize nou pral montre tout moun kijan yo te twompe yo sou nou 2 a, se mesaj sa a lidè ameriken an te mete sou kont Twitter li konsènan negosyasyon ant Washington ak Pyongyang sou denukleyarizasyon ki kanpe nan wout. Lokatè mezon blanch la di : "pa genyen anyen ki pi bon pase yon dyalòg ant 2 moun , espesyalman lè youn apresye lòt. Sitiyasyon an pi bon pase jan sa te ye anvan administrasyon mwenan".

XS
SM
MD
LG