Accessibility links

Breaking News

Komisyon Jidisyè Sena Etazini an ap Vote Madi 4 Septanm 2018 la pou Konfime Brett Kavanaugh Kòm Jij Kou Siprèm


Jij nomine pou Kou Siprèm Etazini an, Brett Kavanaugh. (Foto: AP/ Andrew Harnik. 4 septanm 2018, Washington.)
Jij nomine pou Kou Siprèm Etazini an, Brett Kavanaugh. (Foto: AP/ Andrew Harnik. 4 septanm 2018, Washington.)

Yon panèl nan sena Etazuni-an gen poul tanmen seyans konfirmasyon pou jij kou dapèl Brett Kavanaugh jodi madi-a, e nomonasyon sa-a enpòtan anpil pou prezidan Donald Trump ki espere simante majorite juris tandans ak konsèvatè nan pi gwo tribinal peyi-a pou plizyè, plizyè lane ankò. Kandida Kavanaugh pral gen pou reponn anpil kesyon difisil manm komite judisyè sena-a pral poze'l jodi-a sou tout yon seri dosye kòm pa egzanp dwa pou fanm fè avòtman, pouvwa komisè espesyal Robert Mueller genyen pou mennen ankèt sou prezidan Trump ak sou enjerans Larusi nan kanpay prezidansyèl 2016-la , konfli ant kwayans relijyeuz ak dwa omoseksyèl, san bliye dosye anviwonnman-an.

La mezon blanch espere tout chanm sena-a nèt va vote pou jij kou dapèl 53 zan vinn tounen youn nan 9 manm kou suprèm-nan nan fen mwa septanm sa-a, swa jus atan pou'l ranplase juris Anthony Kennedy ki pral pran retrèt li nan dat premye oktòb kap vinn la-a. Ase souvan, Juj Kennedy konn panche nan direksyon desizyon konsèvatè, men li konn al jwenn kan liberal-la pafwa , yon fason poul te pase anba pye efò pou redui avòtman ak dwa omoselsuèl yo, oubye vòt pou limite dwa iniversite yo genyen pou itilize aksyon afirmatif, dekwa pou atire plis minorite rasyal ladan yo.

Pifò analis endepandan sou kesyon kou suprèm-nan baze sou desizyon judisyè jij Kavanaugh konn pran nan le pase, prevwa si kandida prezidan Trump-la jwenn konfirmasyon, li pral vote pou pifò ak kan konsèvatè a, olye pou'l ta aji kom yon pwa enprevizib tankou juj Anthony Kennedy, ki te konn vote a dwat ou byen a goch nan kesyon enpòtan ki favorize yon entèpretasyon liberal nan lwa Etazuni yo.

XS
SM
MD
LG