Accessibility links

Breaking News

Yo Chante Antèman Gwo Lejann Mizik Amerikèn, Aretha Franklin, nan Vil Detroit, Eta Michigan


Aretha Franklin Ki Kouche nan sèkèy li nan Mize Istwa Afriken Ameriken nan Vil Detroit, eta Michigan.AP/Paul Sancya
Aretha Franklin Ki Kouche nan sèkèy li nan Mize Istwa Afriken Ameriken nan Vil Detroit, eta Michigan.AP/Paul Sancya

Plizyè milye moun rasanble vandredi 31 out 2018 la pou rann defen Aretha Franklin yon dènye Omaj, anvan yo antere lejann mizik amerikèn nan nan vil Detroit, eta Michigan.

Anpil gwo pèsonalite nan domèn mizikal Etazini pran lapawòl nan okazyon an. Travis Stevens, se yon rezidan vil Detroit, li di Aretha, se te yon somite, yon senbòl ke moun te respekte toupatou nan lemond, nou pral sonje li anpil.

Aretha Franklin te chante nan seremoni prestasyon sèman Prezidan Barack Obama an 2009.Li te chante tou nan fineray Rosa Parks, ki se senbòl lit dwa sivik la sou teritwa ameriken an.

Lè li te rann popilè chante atis ameriken Otis Redding-nan R.E.S.P.E.CT, se te yon fason pou egzije respè pou tout moun, sitou moun nwa Ozetazini.

XS
SM
MD
LG