Accessibility links

Breaking News

Kanada Ak Etazini Tanmen yon Negosyasyon Komèsyal Ki Vize Rezoud Mezantan sou Lib Echanj ant 2 Peyi yo


Minis Afè Etranjè Kanada Chrystia Freeland Kap Pale aj Jounalis Nan Washington, D.C. Reuters/ Chris Wattie.
Minis Afè Etranjè Kanada Chrystia Freeland Kap Pale aj Jounalis Nan Washington, D.C. Reuters/ Chris Wattie.

Negosyatè kanadyen e ameriken ap fè yon negosyasyon detaye isit Washington nan moman yap chache yon akò pou ranplase Alena, akò lib echanj amerik dinò a. Negosyasyon yo tanmen apre Etazini finn jwenn yon antant komèsyal bilateral ak Meksik.

Konsa pot la pral rete ouvè pou Kanada prezève relasyon trilateral. sètadi komès ant 3 peyi amerik Dunò yo depi plis pase 20 tan. Minis afè etranjè kanadyen-an Chrystia Freeland di premye konvèsasyon ki dewoule yè madi-a nan sans sa-a te konstruktif anpil anvan bonjan chita-pale komèsyal ant Kanada ak Etazuni tanmen jodi mèkredi-a.

" Pa lefèt Meksik ke Meksik rive akonpli yon bagay ki siman te difisil anpil, kote li te fè kèk konsesyon, enebn sa vinn pare chemen-an pou nou alor Kanada tanmen kèk konvè sasyon pwoduktiv isit-la Ozetazuni semèn sa a. "

Pandanstan, pèsonn poko konnen vreman vre si Washington ak Ottawa pral kapab rezoud mezantant ki egziste ant 2 peyi vwazen yo depi lontan konsènan tariff ladwann sou otomobil ak pwodui letye

XS
SM
MD
LG