Accessibility links

Breaking News

Yon gwoup Ayisyen Ap Fè yon Sitin 24 Out 2018 Nan Potoprens Pou Denose Disparisyon Lajan PetroCaribe a Ann Ayiti


Prezidan Jovenel Moise Chita ak Premye minis Nome Jean Henry Ceant ak Premye minis Sotan Jack Guy Lafontant.AP/Andres Martinez
Prezidan Jovenel Moise Chita ak Premye minis Nome Jean Henry Ceant ak Premye minis Sotan Jack Guy Lafontant.AP/Andres Martinez

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise ak Premye Minis nonmen an mèt Jean Henry Ceant rankontre mèkredi 22 Out la ak reprezantan Bank Mondyal la, Fon Monetè Entènasyonal ak responsab Operasyon Bank Entè Ameriken Devlopman pou diskite sou kooperasyon ak sipò pou pwogram sosyal ki vize soulaje popilasyon ayisyenn nan ki nan bezwen.


Yon gwoup ayisyen kase randevou vandredi 24 Out la devan Kou dè Kont nan kad yon sitin yo rele" Petro Caribe Challenge:" Gwoup sa-a ap egzije eksplikasyon sou disparisyon 3 milya 800 milyon dola epi denonse koripsyon. Prezidan Jovenel Moise, ki t ap pale nan nò peyi a, anonse lit kont koripsyon an kòmanse pandan l ap pale a e li ajoute lit la pa dwe sèvi pou fè pèsekisyon politik. N ap raple òm dafè Reginald Boulos lanse lide pou popilasyon an òganize yon march anwouj pou pwoteste kont koripsyon an. Om Dafè a di mach anwouj sa a dwe swiv modèl march anvèr popilasyon repiblik dominikèn nan te fè pou denonse koripsyon lakay yo.

-Direksyon Polis Depatmantal Nòdwès la lanse ofisyèlman jedi 23 Out la yon inite brigad motorize nan kad plan devlopman estrateji Polis Nasyonal dAyiti mete sou pye pou depatman yo soti 2017 pou rive 2021. Responsab yo espere nouvèl inite sa a nan Depatman an pral fasilite prezans vizib polis nasyonal la nan tout komin yo.

XS
SM
MD
LG