Accessibility links

Breaking News

Ogmatasyon Tarif Ladwann Etazini ak Lachinn Enpoze Youn sou Lot Antre Anvigè Jedi23 Out, 2018


2018年7月9日,一名妇女在北京一家零售和批发服装商场外面铜牛雕塑旁边。
2018年7月9日,一名妇女在北京一家零售和批发服装商场外面铜牛雕塑旁边。

Etazini ak Lachinn enpoze youn sou lòt kèk nouvo ogmantasyon tarif nan stil kif-kif ki antre anvigè jodi jedi a. Washington te anonse nan komansman mwa out sa a entansyon pou l mete yon ogmantasyon 25 pousan sou machandiz chinwa ki vo 16 milya dola sou tèt yon lòt 25 pousan li te enpoze anvan sa sou pwodui ki vo 34 milya dola kap soti nan Lachinn nan premye pòsyon mwa jiyè pase a.

Peken limenm reponn kif-kif , kote li mete menm kantite ogmantasyon sou pwodui ameriken. Jodi jedi-a , ministè komès Lachinn nan publiye yon kominike ki kritike Etazuni deske lap vyole règleman Organizasyon komès mondyal la, e Peken di li pral lanse yon pousuit jidisyè kont Washington nan kad regulasyon komèsyal sa yo.

XS
SM
MD
LG