Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Moise ak Kòmandan PNH la. Objektif: Ranje Rapò Ekzekitif la ak Kò Polis la


Prezidan Jovenel Moise bò kote chèf Polis Nasyonal la, Michel-Ange Gédéon, nan okazyon seremoni prestasyon sèman Misye Moise nan Pòtoprens, Ayiti, 7 fevriye 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares)
Prezidan Jovenel Moise bò kote chèf Polis Nasyonal la, Michel-Ange Gédéon, nan okazyon seremoni prestasyon sèman Misye Moise nan Pòtoprens, Ayiti, 7 fevriye 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares)

Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moise rankontre, madi 31 jiyè 2018 la, avèk chèf Polis Nasyonal Dayiti (PNH), Michel-Ange Gédéon, nan moman pouvwa egzekitif la ap chache amelyore kalite relasyon li avèk otorite polisye yo.

Korespondan nou nan Pòtoprrns, Renan Toussaint, Prezidan Moise pwomèt administrasyon li a pral akonpaye PNH nan misyon li, espesyalman li pral ede manm kò a resevwa fòmasyon nan domèn wot teknoloji a. Misye Moise di li enpresyone anpil devan bon travay otorite lapolis yo ap fè pou yo byen ranpli misyon yo ki se "pwoteje vi ak byen sitwayen yo."

Pou sa ki konsène seleksyon Premye Minis la, prezidan ayisyen an fè konnen anvan semèn sa a fin pase, li gen pou l anonse non pèsonalite l ap chwazi pou dirije pwochen gouvènman an. Lendi, misye Moise te rankontre manm FENAM yo; madi li te pran kontak ak reprezantan KAZEK yo; e puiske kounye a li rive nan faz final pwosesis la, li envite pèp la kontinye pran asyans, paske anvan lontan li pral anonse chwa li pou pòs chèf gouvènman an nan plas Jack Guy Lafontant ki te bay demisyon li nan dat 14 jiyè pase a.

Entevyou Serge Rodriguez avek Rrnan Toussaint (Vizit Prezidan Moise nan PNH, Chwa Nouvo P.M., elt).
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:53 0:00

Klike sou lyen anlè a pou n tande entèvyou Serge Rodriguez avèk Renan Toussaint.

XS
SM
MD
LG