Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald TRUMP fè konnen li Pare pou Pran Aksyon Djanm Kont Iran Si l Menase Etazini.


Prezidan Trump Nan La Mezon Blanch Nan Dat 23 Jiyè 2018.AP/Evan Vucci.
Prezidan Trump Nan La Mezon Blanch Nan Dat 23 Jiyè 2018.AP/Evan Vucci.

Prezidan Donald Trump fè konnen li pa genyen okenn kè-sote kòmkwa mesaj li mete sou kont Twitter li-a dimanch pase pou menase Iran ta pwovoke gouvènman Republik islamik-la. Se konsa prezidan Trump te reponn yon jounalis ki te poze'l kesyon sou mesaj ak lèt majiskul, kote li te lanse avètisman bay lidè iranyen Hassan Rouhani pou'l pa janm eseye menase Etazuni, paske Teheran kapab subi move konsekans pou sa bò kote Washington. Bò kote pa'l , konseye sekirite nasyonal John Bolton di li pale ak lokatè mezon blanch-la, e prezidan-an presize si Iran fè nenpòt ki bagay negatif, li pral peye yon pri pou aksyon-an, yon pri anpil peyi poko janm peye.

XS
SM
MD
LG