Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump fè Bak Sou Deklarasyon li te Bay nan Helsinki sou Enjerans Larisi nan Eleksyon 2016 la Isit Ozetazimi.REUTERS/ Leah Millis.


Prezidan Donald Trump Kap pale sou Somè Helsinki ak Prezidan Vladimir Putin Madi 17 Jiyè, 2018.
Prezidan Donald Trump Kap pale sou Somè Helsinki ak Prezidan Vladimir Putin Madi 17 Jiyè, 2018.

Prezidan Donald Trump aksepte yè madi a evaluasyon komunote sèvis ransèyman ameriken an kòmkwa Larusi te fè enjerans nan eleksyon 2016-la , swa yon jou apre li te finn di lekontrè pandan li te kanpe bò kote prezidan russ la, Vladimir Putin. Mesye Trump fè bak sou deklarasyon li an apre manm tou 2 pati yo te lanse gwo gwo kritik sou li epi anvizaje posiblite pou ale pi lwen ak kesyon an. Prezidan Trump , kite pran lapawòl nan lamezon blanch yè madi-a di se yon sèl grenn mo li te rate nan kòmantè li yo.

" Fraz-la te dwe pati konsa, mwen pa wè poukisa Larisi pa ta enplike nan eleksyon-an".

Se eksplikasyon sa a prezidan Etazuni an bay yon grenn jou apre li te finn deklare li kwè Vladimir Putin, lè lidè Kremlen an te rejte akizasyon kòmkwa Larisi ta foure bouch li nan eleksyon amerikèn 2016 la.

"Li di se pa Larisi, men sa map di mwenmenm, mwen pa wè okenn rezon pou se Larisi li ta ye .

Kontradiksyon lokatè mezon blanch la ak dekouvèt sèvis ransèyman Etazuni yo sou kesyon an fòse kèk lidè republiken lanse avètisman bay Moskou pou l pa enplike tèt li nan eleksyon amerikèn yo ankò. Avètisman sa a soti dirèteman nan bouch lidè majorite nan sena a Mitch McConnell.

" Mwen kwè russ yo dwe konnen genyen yon pakèt nan nou ki konprann sak pase nan eleksyon 2016-la, li tap pi bon pou yo pou aksyon sa-a pa fèt ankò. END.

Bò kote pa l , depite demokrat Eliot Engel pat pèdi tan pou di sa l panse de prezidan Vladimir Putin.

" Nou tout konnen Vladimir Putin se yon lidè san fwa ni lwa kap chache kraze alyans e minen unite peyi oksidantal yo, dekwa pou'l kapab detwi demokrasi a. Zye lemond brake sou li kounye a , e li se klè prezidan Etazuni-an se yon konplis volontè nan sans sa-a".

Pou kounye a sanble republiken nan kongrè a pral pran depozisyon nan men sekretè deta Mike Pompeo semèn sa a menm , dekwa pou l reponn kesyon palmantè ameriken yo sou enplikasyon Larisi nan politik peui Etazini.

XS
SM
MD
LG