Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Nonmen Majistra Brett Kavanaugh pou yon Plas Gran Jij nan Kou Siprèm nan


Mèt Brett Kavanaugh, chwa Prezidan Trump pou okipe yon plas nan Kou Siprèm nan aprè retrèt Jij Anthony Kennedy nan fen mwa jiyè 2018 la.
Mèt Brett Kavanaugh, chwa Prezidan Trump pou okipe yon plas nan Kou Siprèm nan aprè retrèt Jij Anthony Kennedy nan fen mwa jiyè 2018 la.

Jij Brett Kavanaugh, ke Prezidan Donald Trump deziye pou yon plas nan Kou Siprèm nan, se yon pwofesè dwa nan Inivèsite Harvard, Yale ak Georgetown.

Majistra kou dapèl Brett Kavanaugh, pèsonalite Prezidan Donald Trump nonmen pou ranplase JIj Anthony Kennedy nan Kou Siprèm nan, fè premye pa li madi 10 jiyè 2018 la sou wout konfimasyon li, avèk plizyè rankont lifè avèk divès senatè separeman, yon fason pou l jwenn apui yo anvan seyans konfimasyon an. Prezidan Trump vante palmarès Mèt Kavanaugh nan moman li tap prezante li bay laprès nan sware lendi 9 jiyè a. Lidè ameriken an te di:

"Jij Kavanaugh ap anseye kounye a nan inivèsite Harvard, Yale ak Georgetown. Moun gen bon jan apresyasyon pou li nan sikui legal yo; yo konsidere li kòm yon veritab lidè pami tokay li yo."

Mèt Brett Kavanaugh ki te pran lapawòl aprè Prezidan Donald Trump te fin anonse nominasyon li nan Salon-Es Mezon Blanch la nan sware lendi 9 jiyè 2018 nan Washington, DC.
Mèt Brett Kavanaugh ki te pran lapawòl aprè Prezidan Donald Trump te fin anonse nominasyon li nan Salon-Es Mezon Blanch la nan sware lendi 9 jiyè 2018 nan Washington, DC.

Depi 12 zan Jij Kavanaugh, ki gen 53 zan, se yon jij federal moun konnen kòm yon konsèvatè; li deja genyen yon dosye legal manch long e li pa yon enkoni non plis pou otorite yo nan Pouvwa Egzekitif la, kote li popilè ni pou bon kote li, ni pou kote nan karaktè li ak opinyon li ki pwovoke kontwovès. Nan seremoni kote Prezidan Trump te prezante Mèt Kavanaugh bay piblik la, li deklare:

" Si mwen jwenn konfimasyon kòm jij nan kou suprèm nan, mwen pral gade yon lespri ouvè pou chak dosye map trete. E mwen pral fè tout sa ki posib pou m respekte konstitisyon amerikèn nan epi mentni eta de dwa nan peyi a".

Jij Kavanaugh se yon katolik fèvan; e pozisyon li sou kesyon avòtman an soulve kè-sote ni nan kan demokrat la ni nan kan repibliken an.

XS
SM
MD
LG