Accessibility links

Breaking News

Konvèsasyon Prezidan Trump ak Prezidan Eli Meksik la, Andrés Manuel Lòpez Obrador


Andrés Manuel Lòpez Obrador ki t ap salye patizan li yo pandan li t ap prepare l pou l fè premye diskou li nan katye jeneral pati li la (MORENA) nan vil Meksiko aprè viktwa li nan elekyon prezidansyèl la dimanch premye jiyè 2018 la. (Foto: AP/Marco Ugarte).
Andrés Manuel Lòpez Obrador ki t ap salye patizan li yo pandan li t ap prepare l pou l fè premye diskou li nan katye jeneral pati li la (MORENA) nan vil Meksiko aprè viktwa li nan elekyon prezidansyèl la dimanch premye jiyè 2018 la. (Foto: AP/Marco Ugarte).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konnen li fè yon bon ti koze, nan jounen lendi 2 jiyè 2018 a, avèk Prezidan Eli meeksiken an, Andrés Manuel Lòpez Obrador, e yo tou lè 2 gen espwa yo va kapab bese tansyon k ap monte ant 2 peyi yo sou kesyon imigrasyon ki poze sou fwontyè amerikano-meksiken an.

Yon jou aprè kòlèg gochis li a te ranpòte eleksyon prezidansyèl la o Meksik pou yon manda 6 zan, Prezidan Trump di: "Mwen gen konviksyon relasyon nou pral rete bon jan relasyon; mwen panse misye pral eseye ede nou rezoud pwoblèm ki poze sou fwontyè a. "

Lidè ameriken an kontinye pou l di li-menm ak Misye Lòpez Obrador te pale pandan yon demi-èdtan sou kesyon migran k ap antre sou fwontyè a pa bann e pa pakèt -majorite nan yo sòti nan Amerik Santral la, yo pase pa Meksik pou yo travèse ilegalman Ozetazini. An plis de sa, pami tèm konvèsasyon yo te genyen:

-Kesyon echanj komèsyal la ki pwovoke gwo pawòl-anpil ant otorite 2 peyi yo e ki nan negosyasyon pou le moman ant Meksik, Lèzetazini ak Kanada;

-Negosyasyon ki vize yon pase-men nan Akò Librechanj Nò-Ameriken an (ALENA ou NAFTA) 3 peyi yo te siyen nan lane 1994.

A.M. Lòpez Obrador, pandan li ta prale depoze bilten li nan vil Meksiko nan prezidansyèl dimanch premye jiyè a.
A.M. Lòpez Obrador, pandan li ta prale depoze bilten li nan vil Meksiko nan prezidansyèl dimanch premye jiyè a.

Prezidan Trump di Lèzetazini ak Meksik byen kapab siyen yon nouvo antant kòmèsyal bi-lateral alye yo relanse akò ALENA a.

Pou sa ki konsènen eleksyon Misye Lòpez Obrador nan Meksik la, Depatman Deta fè konnen eleksyon sa a <<demontre angajman pèp meksiken an vizavi prensip demokratik yo.>> Epi <<2 peyi yo pataje yon amitye dirab ki baze sou lyen ekonomik, kiltirèl ak istorik solid ki makònen 2 peyi nou yo ansanm.>>

Prezidan eli Lòpez Obrador, ki gen 64 tran, gen plizyè dizèn dane depi li mele nan politik meksikèn nan kòm yon militan kap defann dwa pèp endijèn nan. Aprè li te fin ranpòte elekyon an fasilman, li deklare: << Prensipal misyon gouvènman m nan se elimine koripsyon ak enpinite nan peyi sa a. >>

Entèvyou Serge Rodriguez avèk Dortè Edil Noël sou eleksyon Andrés Manuel Lòpez Obador kòm prezidan Etazini di Meksik (Lendi 2 jiyè 2018)..
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:43 0:00

Pou yon analiz sou viktwa Andrés Manuel Lopez Obrador nan eleksyon yo o Meksik, kolaboratè nou Serges Rodriguez rankontre ak Doktè Edil Noël, yon pwofesyonèl ayisyen k ap viv depi lontan sou tèritwa meksiken an.

XS
SM
MD
LG