Accessibility links

Breaking News

5 Moun Mouri Plizyè Lòt Blese nan yon Fiziyad nan Annapolis, Maryland


Foto sa a montre moun ki t ap kite lokal jounal The Capital aprè yon atakan te ouvè kout-zam epi li touye 5 moun pou pi piti, tandiske li blese anpil lòt. (Annapolis, Maryland, 28 jen 2018).
Foto sa a montre moun ki t ap kite lokal jounal The Capital aprè yon atakan te ouvè kout-zam epi li touye 5 moun pou pi piti, tandiske li blese anpil lòt. (Annapolis, Maryland, 28 jen 2018).

Nan Annapolis, kapital Eta Maryland, Ozetazini, otorite yo fè konnen enkoni ouvè kout-zam sou moun ki te nan lokal yon jounal, Capital Gazette, kote anviwon 5 moun pou pipiti pèdi lavi yo e plizyè lòt blese.

Lapolis mete men sou yon sispèk. Ajan sekirite ap fouye bilding nan kote y ap chache plis sispè epi ede anplwaye jounal la ki pa blese yo sòti an tout sekirite. Lamezon Blanch fè konnen Prezidan Trump aprann nouvèl la.

XS
SM
MD
LG