Accessibility links

Breaking News

Lwa pou Pote chanjman nan Sistèm Imigrasyon Etazini an Sibi yon kokenn Defèt nan Kongrè a .


Prezidan Chanm Depite a Paul Ryan. AP/ Scott Applewhite.
Prezidan Chanm Depite a Paul Ryan. AP/ Scott Applewhite.

Chanm depite ameriken an vote mèkredi 27 Jen 2018 pou rejte KATEGORIKMAN yon pwopozisyon-lwa ki ta pral pote refòm an pwofondè nan sistèm imigrasyon Etazyuni-an, kote palmantè yo pase anba pye apèl prezidan Trump fè ala dènye minit pou apwouve lwa a. Pwopozisyon an, ke chanm depite a vote ak 301 vwa kont e 121 vwa pou, te jwenn yon opozisyon kòryass bò kote kan demokrat nan kongrè a. Lidè republiken yo te apiye demach-la, men anpil nan blòk majoritè kan konsèvatè a, pa dakò ak lide a, paske li kreye yon wout sitwayènnte amerikèn pou plizyè milye timoun ki te antre isit Ozetazuni ak paran ilelegalman .

XS
SM
MD
LG