Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump pwopoze pou Otorite Imigrasyon Depote Migran ilegal san Pase devan Jij Nan Tribinal.


Prezidan Donald Trump ap Pale sou Imigrasyon bo Kote Fanmi ki Afekte anba Krim Imigran komèt. AP/Evan Vucci.
Prezidan Donald Trump ap Pale sou Imigrasyon bo Kote Fanmi ki Afekte anba Krim Imigran komèt. AP/Evan Vucci.

Prezidan Donald Trump di yè dimanch-la moun ki antre Ozetazuni ilegalman, se moun otorite yo dwe depòte san yo pa pase devan okenn juj nan tribinal. Nan yon seri mesaj mesye Trump publiye sou kont Twitter li, li fè konnnen "Nou pa kapab kite moun imigran sa yo anvayi peyi nou-an, sistèm nou-an pa vo anyen nan domèn bonjan imigrasyon e lòd ak sekirite.Moun nan lemond antye ap griyen dan sou lwa imigrasyon Etazuni yo. Se yon bagay ki enjuss pou tout etranje ki itilize vwa legal pou antre nan peyi e kap rett tann depi plizyè lane pou regularize situasyon yo". òganizasyon ameriken Civil Liberty Union reyaji sou deklarasyon prezidan Trump yo pou di "sistèm lokatè mezon balanch-la ap eseye mete sou pye la a, se yon sistèm ki pa an akò ak pwoteksyon konstitusyon Etazuni an prevwa sou kesyon an".

XS
SM
MD
LG