Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Etazuni Melania Trump Vizite Sanzatann yon Sant pou timoun ki Separe ak Paran yo nan Eta Tegzas.


Premyè Dam Melania Trump ap Siyen yon Drapo Ameriken nan Sant UPBRING NEW HOPE la, nan Tegzas.AP/Andrew Harnik, 21 Jen, 2018.
Premyè Dam Melania Trump ap Siyen yon Drapo Ameriken nan Sant UPBRING NEW HOPE la, nan Tegzas.AP/Andrew Harnik, 21 Jen, 2018.

Premyè dam Etazuni an, Melania Trump , fè yon vizit sanzatann nan yon sant charite pou l rankontre timoun ki separe ak manm fanmi yo akoz politik zewo tolerans administrasyon prezidan Donald Trump la mete sou pye Ozetazuni. Vizit madan Trump fè nan sant pou timoun ki rele UPBRING NEW HOPE la, se yon demach ki entèvni yon jou apre lidè ameriken-an te finn siyen yon dekrè pou mete fen nan pratik separasyon timoun piti ak paran yo. Lokatè mezon blanch la te eksprime kè-sote pou byen-èt fizik e mantal timoun sayo, kote li te mande kijan li kapab ede yo retounmen nan men paran yo le pi vit posib. Sant charite vil McAllen-nan genyen 55 ti imigran kounye a ki genyen ant laj 12 zan e laj 17 tan. Objektif vizit sanzatann sa a, se pou apiye plis pase 2 mil 300 timinè ki toujou separe ak manman e papa yo. Pèsonèl medikal ki sou plas nan lokal la te mete premyè dam nan okouran la pou la sou swente yap founi bay timoun yo.

XS
SM
MD
LG