Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Edikasyon: Egzamen Bakalora Fikse pou 25-28 Jen 2018 la


Ann Ayiti, Depatman Edikasyon Nasyonal ap òganize egzamen ofisyèl bakaloreya pèmanan òdinè a ak nouvo sekondè 4 la sòti 25 pou rive 28 jen 2018 la. Daprè sa Minis Pierre Josué Agénor Cadet di laprès, "Responsab yo deja pran tout dispozisyon pou yo òganize egzamen yo; tout tèks deja pare."

Detay òganizatè yo bay fè konnen elèv FIlo yo pral genyen pou yo konpoze nan matyè sa yo: matematik, syans sosyal, folozofi, biyoloji, fizik, chimi, anglè ka espayòl.

Pou garanti itegrite pwosesis la, Depatman Edikasyon Nasyonal pase kèk konsiyn pou diminye chans pou yon elèv ta kopye nan egzamen yo oubyen itilize lòt mwayen pou li dejwe siveyans la. Se konsa Minis Agénor-Cadet di ofisyèl yo deside entèdi fòmèlman itilizasyon telefòn pòtab nan sal egzamen yo dekwa pou anpeche tout kontak avèk moun deyò.

Repòtaj Orpha Dessources sou Pwochen Egzamen Ofisyèl yo. (Dekl. Minis Agenor Cadet).
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:35 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Orpha Dessources.

XS
SM
MD
LG