Accessibility links

Breaking News

Palmantè Zèl Dwat Ivan Duque Eli Prezidan nan Dezyèm Tou Eleksyon yo nan Kolonbi


Prezidan Eli Ivan Duque Selebre Viktwa li nan Bogota nan Dezyèm tou Eleksyon yo nan Kolonbi dimanch 17 Jen nan Bogota.AP/Fernando Vergara.
Prezidan Eli Ivan Duque Selebre Viktwa li nan Bogota nan Dezyèm tou Eleksyon yo nan Kolonbi dimanch 17 Jen nan Bogota.AP/Fernando Vergara.

Palmantè zèl dwat Ivan Duque ranpote laviktwa nan eleksyon prezidansyèl ki dewoule nan Kolonbi yè dimanch-la, e li pwomèt pou'l re-ekri akò lapè gouvènman sòtan-an te siyen ak rebèl lame revolusyonè kolonbyen-an,FARC, an 2016. Mesye Duque genyen elsksyon an sou rival gochis li a, ansyen majistra komunal Bogota, Gustavo Petro, ak 54 pousan kont 42 pousan nan vwa yo pandan 2zyèm tou eleksyon ki te fèt yè dimanch la nan Kolonbi. Kandida venkè a te pran lapwòl apre viktwa li a:
" Se opòtinite nou tap chache a pou nou pase nan paj polarizasyon an, paj soufrans ak paj pwazon sa a, mwen rekonèt lennmi Kolonbi yo , mwen pa pral gouvène ak lahèn, paske mwen pa gen rayisab kont okenn kolobyen".

XS
SM
MD
LG