WASHINGTON, DC —
Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, demanti yon fwa ankò, nan jounen jedi 14 jen 2018la, nouvèl ki parèt nan medya leta Kore di Nò pou di, pandan somè Sengapou a pi bonè semèn sa a, Prezidan Donald Trump te dakò ak lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, pou Washington leve pezape sanksyon k ap peze sou do Pyongyang yo.
M. Pompeo deklare Prezidan Trump te pale klèman pou l di ki etap Pyongyang dwe franchi dabò anvan pou Washington leve sanksyon yo. Ajans nouvèl ofisyèl Koredinò a, KCNA (swa: Ajans Nouvèl Santral Kore a), ekri pou l fè konnen Prezidan Trump te pwopoze pou l leve sanksyon yo an mezi relasyon yo ap amelyore.