Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Dispoze Voye Plis Ed Imanitè Bay Venezuelyen ki ann Egzil nan Lòt Peyi Latino Ameriken yo


Vis Prezidan Mike Pence ak kèk lidè opozisyon venezuelyèn nan. (Lima, Pewou, 13 avril 2018).
Vis Prezidan Mike Pence ak kèk lidè opozisyon venezuelyèn nan. (Lima, Pewou, 13 avril 2018).

Lima-Pewou:

Lèzetazini anonse l ap mete plis èd imanitè a la dispozisyon sitwayen venezuelyen ki kite peyi yo pou yo al viv an egzil lòt kote nan Amerik Latin nan. Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, fè anons la nan jounen vandredi 13 avril 2018 la pandan li t ap rankontre ak kèk lidè opozisyon venezuelyèn nan ki an egil.

Misye Pence rankontre ak lidè sa yo nan rezidans anbasadè ameriken an nan Lima, kapital Pewou, Krishna Urs, pou li te pale avèk yo de angajman administrasyon Trump la pran pou l travay pou retablisman demokrasi nan Venezuela.

Kèk moman anvan Misye Pence te fè anons la, yon otorite nan La Mezon Blanch te deklare administrasyon Trump la pran angajman pou l travay avèk peyi nan rejyon an pou yo rive jwenn lapè ak stabilite nan Emisfè Oksidantal la, e li lanse apèl pou l mande inite ki nesesè pou fè aktè ki pa demokratik yo rann kont pou aksyon yo poze.

Sou-Sekretè Deta Francisco Palmieri, avèk administratè USAID, Mark Green, te patisipe nan rankont la. Lidè opozisyon venezuelyèn nan ki te prezan se: David Smolansky, ansyen majistra kominal vil El Hatillo; Carlos Vecchio, lidè Pati Voolnte Popilè, Julio Borges, ansyen pridan Asanble Nasyonal la, avèk Antonio Ledezma, ansyen majistra kominal Caracas.

XS
SM
MD
LG