Accessibility links

Breaking News

Etazini-Amerik Latin: Vis Prezidan Vence Pral Ranplase Prezidan Trump nan Somè Dezamerik la


Vis Prezidan Mike Pence pandan li t ap fè yon diskou nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan dat 21 mas 2018 la.
Vis Prezidan Mike Pence pandan li t ap fè yon diskou nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan dat 21 mas 2018 la.
Biwo Vis Prezidan Mike Pence nan La Mezon Blanch pibliye yon nòtpoulaprès ki di "Se yon onè pou Vis Prezidan an reprezante Lèzetazini nan 8èm Somè Dèzamerik la sou demand Prezidan Trump. Li pare pou l fè pwomosyon pou yon politik ki ka debouche sou yon ekonomi amerikèn ki pi fò e pou l travay avèk alye pwòch nou yo nan Amerik Latin nan dekwapou, ansanm, nou fè aktè ki pa demokratik nan rejyon an rann kont pou aksyon yo..."
La Mezon Blanch, rezidans ofisyèl Prezidan ak Vis Prezidan Lèzetazini.
La Mezon Blanch, rezidans ofisyèl Prezidan ak Vis Prezidan Lèzetazini.
Daprè nòtpoulaprès Mezon Blanch la toujou, "ane pase a Vis Prezidan an te ale nan rejyon an kote li te rankontre ak Prezidan Ajantin, Chili, Kolonbi ak Panama pou yo te mete plis presyon sou rejim Maduro a epi negosye pi bon akò ki pote benefis pou travayè ameriken yo. Pandan Vis Prezidan an te nan rejyon Amerik Latin nan, li te rankontre ak kèk disidan venezyelyen. Li te prezide tou Konferans Triang Septantriyonal sou Pwosperite ak Sekirite a nan Amerik Santral la..."
Nòt Biwo Vis Prezidan Mike Pence la fini pa di : << Mwa pwochen an, Vis Prezidan an prale o Brezil pou l kontinye fè pwomosyon pou pwogram politik Lèzetazini yo e pou angajman peyi a vizavi rejyon an. >>
XS
SM
MD
LG