Accessibility links

Breaking News

Koudèy sou Fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn Plis ke Yon Semenn aprè Ensidan Pedernales yo


Denyè nouvèl ki sòti sou liyn fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn fè konnen tansyon an poko fin bese nèt nan rapò ant 2 popilasyon kap viv sou 2 bò lizyè ki separe 2 peyi yo, depi Wanament-Dajabon, nan zòn nò fwontyè a, rive nan Ans-A-Pit/Pedernales, nan sid fwontyè a. Men kèk detay sou jan sitiyasyon an evolye depi Ayisyen yo te oblije kite Pedernales pou yo antre Ans-a-Pit pa bann e pa pakèt aprè rezidan vil panyòl la te menase pou yo agrese Ayisyen ki tap viv nan zòn nan si yo pat kite tèritwa dominiken an.

KRIZ IMANITè NAN ANS-A-PIT, SID-ES AYITI

Depi 2èm wikenn mwa mas la, kote tansyon an te monte byen wo nan Pedernales, divès pèsonalite ayisyen pran pozisyon sou dosye a, swa apre yon vizit nan Ans-a-Pit kote majorite ayisyen ki tap viv nan Pedernales yo ale pran refij, swa pou yo reyaji sou repòtaj laprès pibliye sou zafè a.

Youn nan reyaksyon yo sòti bò kote ansyen kandida a la prezidans, Eric Jean-Baptiste, ki lanse yon apèl bay otorite yo nan Pòtoprens pou l mande yo “ouvè yon ankèt sou kantite Ayisyen ki te viktim anba men Dominiken nan Pedernales.” Misye Jean-Baptiste, ki t al fè yon vizit nan pati sid fwontyè a, prezante yon tablo byen sonb pou l dekri sitiyasyon kap devlope nan Ans-A-Pit depi konpatriyòt ki tap viv e travay nan Pedernales yo te prese antre nan lolatite sa a pou evite yon move sò anba men Dominiken yo.

Daprè ansyen kandida a la prezidans la, malgre kriz imanitè kap frape komin sa a nan Depatman Sid-Es la, pouvwa santral la montre li endiferan vizavi sò Ayisyen deplase sa yo ki ta viktim 2 fwa: move tretman anba men Dominiken yo, epi mepri ak abandon bò kote otorite peyi yo.

Minis Afè Etranjè Ayisyen an ak Majistra Kominal Ans-A-Pit ak Pale sou Dosye a

Minis Afè etranjè ayisyen an, Antonio Rodrigue, ki reponn kesyon jounal Le Nouvelliste sou sitiyasyon an sou fwontyè a, di gouvènman an kontinye mennen ankèt sou dosye a. Chanselye a fè konnen tou, a travè yon apèl li voye bay kòlèg li a nan Santo Domingo, li mande otorite dominiken yo fè tout sa ki nesesè pou yo pwoteje sitwayen Ayisyen kap viv sou tèritwa dominiken an.

Pou sa ki konsènen move tretman Ayisyen yo ta sibi nan Pedernales, majistra kominal Ans-A-Pit la, Harry Bruno, bò kote pa l, denonse sa li konsidere kòm “pèsekisyon grav” konpatriyòt yo ta sibi nan Peyi Panyòl. Misye Bruno rive menm pale de “lanmò” ke sous ofisyèl yo pa rapòte.

Anfen daprè kèk sous ki merite konfyans nan Santo Domingo, anpil òm dafè ak pwopriyetè biznis nan Pedernales kòmanse plenyen poutèt yo pa gen moun pou fè kèk travay depi Ayisyen yo te pati kite rejyon sa a nan pati sid fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Yon moun kapab konprann sa si nou raple -tankou ansyen Konsil Jeneral ayisyen nan Santo Domingo, Edwin Paraison, di Lavwadlamerik sa a- yon gwo pati nan vi komèsyal la nan pwovens Pedernales e nan rès Peyi Panyòl repoze sou mendèv ayisyen e sou echanj avèk Ayiti.

XS
SM
MD
LG