Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Vòt yon Bidjè Depans 1 Trilyon 300 Milya Dola ka Evite yon 3èm Fèmti Gouvènman an Ane Sa a.


Lokal Kongrè Ameriken an nan Washington, D.C., kote Depite yo ak Senatè yo ap Vote sou Bidjè Depans Federal yo
Lokal Kongrè Ameriken an nan Washington, D.C., kote Depite yo ak Senatè yo ap Vote sou Bidjè Depans Federal yo

Lidè Kongrè ameriken an gen plan pou yo kèmanse vote, pa pi ta ke jedi 22 mas 2018 la, sou yon pwopozisyon-lwa sou depans ke negosyatè tou lè 2 pati yo (Demokrat ak Repibliken) te apwouve mèkredi swa. Depite yo ak Senatè yo genyen jiska minui vandredi pou yo apwouve lejislasyon an si yo vle evite yon 3è fèmti gouvènman federal la pou ane a.

Chanm Depite a genyen pou l vote sou pwopozisyo-lwa a jedi; e Sena a ta dwe fè menmman, parèyman tout suit apre si Kongrè a vle evite fèmti a. Daprè tout vrèsanblans, dokiman an pral pase nan tou lè 2 chanm yo.

Lejislasyon sa a -ki ka pèmèt gouvènman an rete ouvè pou jous fen mwa septanm 2018 la- gen apui Prezidan Donald Trump, dapre sa La Mezon Blanch fè konnen nan yon deklarasyon ki parèt mèkredi. Pwopozisyon-lwa a bay Prezidan an satisfaksyon avèk yon gwo ogmantasyon bidjè Depatman Defans la; ogmantasyon sa a mache ak yon diplis 2,4 % nan lajan manm lame amerikèn nan ap touche.

Prezidan Donald Trump apre li fin siyen yon lejislasyon sou depans pou pèmèt gouvènman an kontinye opere.
Prezidan Donald Trump apre li fin siyen yon lejislasyon sou depans pou pèmèt gouvènman an kontinye opere.

Lejislasyon sou depans federal yo prevwa yon sòm yon milya 600 milyon dola pou konstriksyon plizyè baryè sou fwontyè Lèzetazini yo -konstriksyon sa a ap genyen ladan n yon mi 150 kilomèt sou fwontyè ant Lèzetazini ak Meksik. Lajan sa a pi piti lontan pase 25 milya dola Prezidan Trump te mande pou bati mi sa a, sitou pandan kanpay prezidansyèl la kote li te di se Meksik ki tap peye pou konstriksyon mi an. Nan yon tweet Misye Trump pibliye jedi maten, li deklare:

<<Nou jwenn yon milya 600 milyon dola pou nou kòmanse bati mi a nan pati sid fwontyè nou; rès lajan an gen pou vini kanmèm. Sa k pi enpòtan an, sè ke nou jwenn 700 milya dola pou nou rebati fòs zame nou yo avèk espwa ke nou va jwenn 716 milya ane pwochèn. Se domaj nou te oblije gaspiye lajan nan konpwomi nou fè ak Demokrat yo pou yo te ka vote bibjè sa a kap pèmèt nou pran swen lame nou an epi achte nouvo ekipman militè. >>.

Lidè Minorite Demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D-N.Y.)
Lidè Minorite Demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D-N.Y.)

​Lidè Pati Demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D-NY) deklare: "Tou 2 pati yo te aksepte fè anpil konpwomi pou nou jwenn lejislasyon sa a sou depans yo, e manm pati nou an byen kontan jan bagay yo pase a."

XS
SM
MD
LG