Accessibility links

Breaking News

Chantè Ayisyano-Ameriken Jason Derulo - Chwa FIFA pou Chante Im Koup di Mond Larisi 2018 la


Chantè Jason Derulo ki tap patisipe nan"Teen Choice Awards" nan Los Angeles, nan dat 7 Out 2011.
Chantè Jason Derulo ki tap patisipe nan"Teen Choice Awards" nan Los Angeles, nan dat 7 Out 2011.

Chantè ayisyano-ameriken Jason Derulo pral gen lonè chante tèm ofisyèk Koup di Mond Football 2018 la nan Peyi Larisi pi ta ane sa a. Kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy jwenn konfimasyon nouvèl sa a pou l te prepare yon repòtaj sou tèm nan nan jounen lendi 19 mas 2018 la.

Jason, ki fèk fè yon vizit nan peyi d Ayiti, te ale nan vil Kap Aysiyen, kote papa l ak manman l te pran nesans, pou l te tounen yon video sou chanson an kap gen kòm tit "Colors", yon mo anglè ki vle di "koulè" e se va tit im Koup di Mond la tou.

Jason Derulo ap entèprete chanson "If I'm Lucky" ....
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00

Pou ou genyen yon ide de talan Jason, klike sou lyen anlè a pou w koute youn nan chanson li yo, ki rele "I am lucky."

XS
SM
MD
LG