Accessibility links

Breaking News

Elèv ap Pwoteste kont Atak ak Zam nan Lekòl Atravè Lèzetazini


Elèv ki rasanble devan La Mezon Blanch nan Washington DC, 14 ms 2018 la .pou yo pwoteste kont atak ak zamafe ki fèt nan lekòl yo Ozetazini.
Elèv ki rasanble devan La Mezon Blanch nan Washington DC, 14 ms 2018 la .pou yo pwoteste kont atak ak zamafe ki fèt nan lekòl yo Ozetazini.

Elev lekòl piblik yo Ozetazini soti kite sal de klas yo nan jounen mèkredi 14 mas la 2018 la, swa yon mwa aprè yon jenn gason 19 van te ouvè kout-zam nan yon lekòl nan Parkland, tou pre Miami, nan Eta Florid, kote li te touye 17 moun (13 elèv ak 4 pwofesè). Patisipan yo obsève yon moman silans 17 minit nan memwa 17 viktim yo.

Nan Washington plizyè lekòl primè patisipe nan mouvman an --pami yo nou jwenn yon lekòl bileng (anglè-espayòl) kote plis pase 400 elèv, ki gen ant laj 3 zan e 12 zan e ki te genyen pwofesè yo avèk yo, te pote nan men yo kèk pannkat avèk mesaj yo te vle voye bay otorite yo. Si kontni mesaj yo te diferan, objektif la te menm: elèv yo ap mande otorite yo adopte lwa ki sevè sou posesyon zam Ozetazini.

Elèv ki te rasanble devan Lise Perry, nan vi Perry Hall, nan Eta Maryland, jou mèkredi 14 m as 2018 la, aprè yo te pati kite klas yo pou yo pwoteste kont vyolans ak zam nan lekòl yo Ozetazini.
Elèv ki te rasanble devan Lise Perry, nan vi Perry Hall, nan Eta Maryland, jou mèkredi 14 m as 2018 la, aprè yo te pati kite klas yo pou yo pwoteste kont vyolans ak zam nan lekòl yo Ozetazini.

Vrèmanvre, kesyon pòdam sou tèritwa ameriken an se tèm yon gwo deba nan sosyete a. Administrasyon Trump la pale de plan li genen pou l mete anndan lekòl yo menm tip sekirite ki egziste nan ayewopò yo, nan evennman spòtif yo ak building gouvènman an. Otorite yo, militan yo ak moun k ap vann zam yo gen opinyon diferan sou kesyon an. Yon mwa aprè masak Parkland lan, komisè gouvènman vil sa a di li pral mande jiri a rekòmande yon kondanasyon a-mò pou Nicolas Cruz, jenn gason ki te poze zak la nan dat 14 Fevriye pase a.

Elèv tout kote Ozetazini pran randevou pou 24 mas pwochen an nan vil Washington, pou yo ogmante presyon an sou Kongrè a pou l adopte lwa ki pèmèt otorite yo idantifye otomatikman tout moun k ap achte zam nan peyi a, san yo pa vyole 2èm amandman konstitisyon an, ki bay tout sitwayen ameriken dwa pou yo pote zam pou pwoteksyon pèsonèl yo.

XS
SM
MD
LG