Accessibility links

Breaking News

Tansyon nan Pedènal, Republik Dominikèn - Vi Ayisyen Ta Menase nan Vil sa a


Vil Pèdènal (Pedernales), nan pati sidwès Repiblik Dominikèn, twouve li an fas Ans-a-Pit (Anse-A-Pitre), nan Depatman Sidès Ayiti. Pandan lontan –e sitou depi kèk ane- se yon woutin pou moun k ap viv nan rejyon sa a an Ayiti travèse fwontyè a nan maten pou l yo al fè komès nan peyi vwazen an epi retounen lakay yo anvan solèy kouche. Pafwa menm, gras-a rapò sere ki devlope ant 2 kominote yo, Ayisyen yo konn rete pase yon sejou pwolonje sou tèritwa dominiken an san oken pwoblèm.

Sepandan, kòm sa rive ant abitan 2 lokalite ki sou 2 bò fwontyè a (tankou ant Wanament ak Dajabòn nan Depatman Nòdès Ayiti, ant Bèladè ak Alias Pinas nan Depatman Sant, e ant Jimani ak Malpasse nan Depatman Lwès), tansyon an konn monte ant 2 popilasyon yo si manm youn nan yo ta responsab yon move zak sou manm lòt la. E nouvèl yo fè konnen yon sitiyasyon konsa egziste ant Ans-a-Pit ak Pedènal.

SA KI PASE NAN PEDENAL ?

Daprè nouvèl ki parèt sou paj entènèt Radyo Metwopòl e ki jwenn konfimasyon korespondan nou nan Santo Domingo, Edouard Saint-Jean, 2 ayisyen ki tap travay sou yon ranch nan rejyon Le Quemao, nan Repiblik Dominikèn, sanble ta atake ak kout-manchèt pwopriyetè ranch sa a kote yo t ap travay paske patwon sa yo pa t peye yo.

Yon fwa bri a te kouri e nouvèl la te gaye, dominiken kap viv nan Komin Pedènal, kote nou jwenn rejyon Le Quemao, te fache kont 2 prezime asasen yo e finalman, nan jounen lendi 12 mas 2018 la -jou antèman youn nan viktim yo- yo te sèvi ak pòtvwa pou anonse yo bay Ayisyen kap viv nan Pedènal yo 24 trè pou yo kite peyi a; yon fwa delè sa a ta fin pase, yo menm, Dominiken, yo t ap mache pran tout Ayisyen ki ta tonbe anba men yo. Sitiyasyon sa a te lage yon van panik nan kominote Ayisyen yo nan Pedènal, sitou apre youn nan atakan yo, ki rele Noêl, ta konfese zak la.

Ajans nouvèl AP (Associated Press) fè konnen otorite dominiken yo te oblije voye ranfò sòda ak polisye nan Pedènal nan jounen madi 13 mas la pou yo kalme atmosfè a. Nan menm jounen an, gouvènman ayisyen an depeche yon delegasyon ofisyèl nan Santo Domingo pou kèk rankont sou mwayen pou yo rezoud kriz la.

XS
SM
MD
LG