Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik: Revokasyon Sekretè Deta Tillerson - Mike Pompeo se Nouvo Chèf Diplomasi Lèzetazini


Agoch: Misye Rex Tillerson pandan li te nan Addis Abeba, Etyopi, jedi 8 mas 2018 la. Adwat: Chwa PrezidanTrump pou plas Sekretè Deta a, Mike Pompeo, pandan li prezante nan Kongrè a pou l fè depozisyon li nan dat 13 fevriye 2018 la. (Foto: REUTERS/Jonathan Ernst (Tillerson); Aaron P. Bernstein (Pompeo).
Agoch: Misye Rex Tillerson pandan li te nan Addis Abeba, Etyopi, jedi 8 mas 2018 la. Adwat: Chwa PrezidanTrump pou plas Sekretè Deta a, Mike Pompeo, pandan li prezante nan Kongrè a pou l fè depozisyon li nan dat 13 fevriye 2018 la. (Foto: REUTERS/Jonathan Ernst (Tillerson); Aaron P. Bernstein (Pompeo).

Apre Prezidan Donald Trump te anonse revokasyon Sekretè Deta Rex Tillerson, li pa pèdi tan pou l deziye direktè CIA a, Mike Pompeo, nan plas la. Misyeansyen Tillerson resevwa revokasyon li apre li fèk sòt fè yon virewon sou kontinan afriken an.

Msye Pompeo se yon diplome Akademi Militè West Point la e yon ansyen manm lame amerikèn nan. Li te pran yon diplom nan Lekòl de Dwa Inivèsite Havard la avan li te vinn manm Kongrè ameriken an. Kòm ansyen direktè CIA, Misye Pompeo te jwenn ankourajman manm 2 pati politik yo pou fason li te rive ranfòse kowoperasyon ant Lèzetazini ak alye li yo nana koleksyon enfòmasyon sekrè.

Prezidan Trump kwè konesans Mike Pompeo nan sèvis ransèman an va pèmèt li travay byen ak alye Lèzetazini yo pou l konfwonte advèsè peyi yo pandan Washington ap chache denikleyarizasyon Preskil Kore a.

Gina Haspel (Foto : 4 oktòb 2017).
Gina Haspel (Foto : 4 oktòb 2017).

Pansansetan Gina Haspel, ki jwenn nominasyon pou l ranplase Misye Pompoe –kidonk, pou l tounen premye fanm ki direktris Ajans Santral Ransèman an (CIA)- sanble pral fè fas ak yon entèwogatwa difisil lè Kongrè a va genyen pou apwouve nominasyon li; paske kèk sous fè konnen dosye pèsonèl li montre li ta vyole prensip dwa de lòm yo, tankou pozisyon ofisyèl Lèzetazini sou tòti ou zak kraze zo. An tou ka, Mandan Haspel rive nan tèt CIA a apre 30 an sèvis nan enstitisyon an.

Avèk nouvo chanjman sa yo, Prezidan Trump espere li pral genyen yon ekip tou nèf an plas anvan rankont li pral fè ak otorite nò-koreyen yo. Desizyon prezidan Donald Trump pran pou l ranplase Rex Tillerson nan tèt diplomasi amerikèn nan siprann anpil obsèvatè. Msye Tillerson deklare li pat pale ak Prezidan an anvan li te resevwa anons revokasyon li; donk li pa konne rezon ki eksplike desizyon an; men se avèk gwo plezi e satifaksyon li te gen yon opòtinite pou l sèvi peyi li.

XS
SM
MD
LG