Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou yon Posib Somè Amerikano-Nò-Koreyen

Chèf sekirite nasyonal Kore di Sid la, Chung Eui-yong, ki t ap bay Prezidan ameriken an, Donald Trump, yon rapò sou yon vizit li te fè nan Kore di Nò sa pa gen lontan. Trump ak Chung te rankontre nan Washington, jedi 8 mas 2018 la. (Foto: The Presidential Blue House/Yonhap via REUTERS).

Anons ki parèt Washington jedi 8 mas 2018 la pou di negosyasyon wo-nivo pral dewoule ant Lèzetazini ak Kore di Nò a sanble se yon kou-siprann pou anpil moun, menm pou chèf diplomasi amerikèn nan.
Nan jounen jedi a, pandan nouvèl t ap gaye sou efò k ap fèt pou bese tansyon an sou Preskil Kore a, Sekretè Deta Rex Tillerson lanse yon apèl pou l mande moun pran prekosyon konsènan posiblite pou negosyasyon dewoule ant Lèzetazini ak Kore di Nò sou pwogram nikleyè nò-koreyen an.
Sekretè Deta Tillerson ap kontinye yon toune 6 jou sou kontinan afriken an. Li te sou wout pou l ale nan peyi Djiboutchi jedi lè nouvèl yo te di Prezidan Donald Trump aksepte yon envitasyon lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, pou yo rankontre pou yo fè negosyasyon.
Sekretè Deta Rex Tillerson ki t ap pale ak laprès nan Djiboutchi, vandredi 9 mas 2018 la.
Sekretè Deta Rex Tillerson ki t ap pale ak laprès nan Djiboutchi, vandredi 9 mas 2018 la.
Misye Tillerson, ki t ap pale ak laprès, di Prezidan Trump te toujou pare pou dyalòg si bon moman an rive e si kondisyon yo reyini. Misye Tillerson ajoute li te gen yon konvèsasyon telefonik ak Prezidan Trump e lidè ameriken an deklare li santi moman an rive pou negosyasyon.
Depi nouvèl yo te pale de posiblite yon rankont ant Prezidan Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, manm Kongrè ameriken an, otorite yo nan peyi Lachin, Japon ak Kore di Sid reyaji avèk satisfaksyon. Men yo pa genyen yon garanti total ke negosyasyon yo pral bay bon rezilta.
XS
SM
MD
LG