Accessibility links

Breaking News

Prezian Trump Aksepte yon Envitasyon pou l Rankontre ak Kim Jong Un


Prezidan Donald Trump (adwat) epi lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (Foto: REUTERS/KCNA//Lucas Jackson)
Prezidan Donald Trump (adwat) epi lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (Foto: REUTERS/KCNA//Lucas Jackson)

Le fèt ke Prezidan Donald Trump aksepte yon envitasyon pou l rekontre ak lidè no-koreyen an, Kim Jogn-un, anvan fen mwa me 2018 la, se yon gwo sipriz pou anpil obsèvatè. Objektif tankont sa a pou 2 ofisyèl yo diskite sou fason pou Kore di Nò mete fen nan pwogram nikleyè li a. Daprè peyi oksidantal yo ak otorite nan lòt rejyon, pwogram nikleyè ak misil nò-koreyen an poze gwo menas pou lapè nan lemond. Men anpil obsèvatè fè konnen yo resevwa nouvèl ki di Prezidan Trump aksepte envitasyon an avèk yon gwo espwa melanje ak dout.

Prezidan Donald Trump (agoch), Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in (mitan) ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, jan yon televizyon nan Sewoul te montre yo nan yon pwogram espesyal.
Prezidan Donald Trump (agoch), Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in (mitan) ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, jan yon televizyon nan Sewoul te montre yo nan yon pwogram espesyal.

Chèf sekirite nasyonal Kore di Sis la, Chung Eui-yong, te anonse antant sou rankont la byen ta jedi 8 mas la. Misye Chung te nan Washington pou l bay Prezidan Trump yon rapò sou pwogrè diplomatik li reyalize pandan yon vizit li te fè semèn pase a nan Pyongyong. Nan moman Misye Chung t ap rankontre ak Prezidan Trump la, li te pale tou ak plizyè otorite nan La Mezon Blanch; pami yo te gen konseye sekirite nasyonal Lèzetazini an, H.R. McMaster. Se vèbalman li prezante envitasyon an bay lidè ameriken an.

Aprè rankont nan Le Mezon Blanch la, Misye Chung deklare bay laprès: <<Prezidan Trump byen apresye rapò mwen mete devam l nan e li anonse li ta renmen rankont li a ak Kim Jong Un dewoule anvan fen mwa me pwochen an. >>

XS
SM
MD
LG