Accessibility links

Breaking News

Eksperyans ak Estrateji 2 Medam Ki Rive Fè Siksè


Ekonomis Katie Flore Fils-aimé kap travay nan SOGEBANK nan Pòtoprens (agoch) ak Johann Richard Adams, antreprenè, biolojis ki kreye yon liy pwodui kosmetik òganik, ki rele "Bebe Naturals."
Ekonomis Katie Flore Fils-aimé kap travay nan SOGEBANK nan Pòtoprens (agoch) ak Johann Richard Adams, antreprenè, biolojis ki kreye yon liy pwodui kosmetik òganik, ki rele "Bebe Naturals."

Nan okazyon jounen mondyal medam yo, Lavwadlamerik akeyi mèkredi 7 mas 2018 la nan pwogram Lib Tribinn li an, Dyaloge Ak Etazini 2 pèsonalite, 2 fanm a siksè: Johann Richard Adams, yon antreprenè, biolojis ki kreye yon liy pwodui kosmetik òganik, Bebe Naturals. Madam Adams resevwa distenksyon "AHP Entrepreneur Spirit Award 2018 la" Biolojis la baze nan New-York, e lap dirije KAY NOU, yon òganizasyon ki pa fè pwofi kap ankadre jèn ann Ayiti.

Ekonomis Katie Flore Fils-aimé kap travay nan SOGEBANK nan Pòtoprens se dezyèm envite Lavwadlamerik. Madam Fils-Aimé se youn nan 10 fanm ann Ayiti pou ané 2017 la.

Ki eksperyans medam sa yo te fè, ki estrateji yo itilize pou rive nan siksè yap fè jou nen jodi a? Ki obstak yo te rankontre sou wout yo? Kòman yo wè entregasyon yo ak entegrasyon lòt fanm nan sosyete yap viv la? Ki konsèy yo kapab bay lòt fanm yo pou fè siksè tou?

Klike sou lyen odyo a pou w tande repons ak lòt kesyon 2 medam yo te reponn nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Odyo Dyaloge ak Etazini mèkredi 7 mas 2018 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:37:53 0:00

XS
SM
MD
LG