Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Resevwa Avèk Prekosyon Apèl Kore di Nò lanse pou L Mande Negosyasyon

Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, ki tap rankontre avèk chèf Sekirite Palè Nasyonal Kore di Sid la, Chung Eui-yong, nan Pyongyang, kapital Kore di Nò, madi 6 mas 2018 la. Nan rankont sa a Misye Kim te anonse volonte li pou l pran kontak dirèk ak Lèzetazini.

Otorite ameriken yo montre pridans aprè Kore di Nò te ofri pou l antre nan negosyasyon ak Lèzetazini sou kondisyon pou l kite pwogam zam nikleyè li a tonbe. Rezon pridans sa a se paske Kore di Nò te fè pwomès konsa deja nan le pase.

Kèk ofisyèl ameriken, responsab sekirite Lèzetazini, bay opinyon yo sou òf Kore di Nò a. Nan yon seyans depozisyon devan yon komisyon Kongrè a nan jounen madi 6 mas 2018 la, Dan Coats, direktè Ajans Ransèyman Nasyonal la, fè deklarasyon sa a:

"Se pètèt yon gwo evolisyon; mwen doute anpil. Men mwen espere sa va dire."

Dan Coats, direktè Ajans Ransèyman Nasyonal Lèzetazini an, pandan yon seyans depozisyon nan Kongrè a madi 6 mas 2018 la.
Dan Coats, direktè Ajans Ransèyman Nasyonal Lèzetazini an, pandan yon seyans depozisyon nan Kongrè a madi 6 mas 2018 la.

Bò kote pa l, Lyetnan-Jeneral Robert Ashley, direktè Ajans Ransèyman Defans Lèzetazini, fè konnen:

"Mwen si e sèten yo pral lanse plis misil toujou; mwen si e sèten li posib pou yo fè plis tès nikleyè."

Se chèf Biwo Sekirite Nasyonal Kore di Sid la, Chung Eui-yong, ki te anonse, madi 6 mas 2018 la, volonte lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pou l tanmen yon dyalòg dirèk ak Washington sou fason pou li mete fen nan pwogram zam nikleyè nò-koryen an, apre Misye Chung te rankontre ak Misye Kim nan Pyongyang. Lidè nò-koreyen an poze yon konsidyon: se pou Washington garanti sekirite l, kòmkwa Lèzetazini pap atake rejim li a.

000000000000000000000000000000000000000000000

Lèzetazini di l ap mete sanksyon tou nèf sou do Kore di Nò poutèt otorite peyi sa a te itilize yon pwodui chimik mòtèl an 2017 pou yo te asasinen yon demi-frè lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un. 2 frè yo pat byen. Depatman Deta a di, madi 6 mas 2018 la, li gen prèv ki montre Kore di Nò te sèvi ak pwodui chimik la vrèman.

XS
SM
MD
LG