Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon: Absans Aksyon Egzekitif la ak Lejislatif la sou Pwogram DACA yo

23 janvye 2018: Militan k ap defann koz imigan te òganize yon meeting devan lokal Kongrè ameriken an nan Washington. Plis pase yon mwa apre sa, 26 fevriye 2018, Kou Siprèm Lèzetazini an te rejte yon demand etranj administrasyon Trump la te fè pou gran jij yo kraze yon desizyon yon ti jij te pran pou l egzije gouvènman federal la kite pwogram DACA a nan plas li. (Foto: AP/Andrew Harnik- 23 janvye 2018. Dosye).

Sò plizyè santèn milye jèn imigran ki te antre Ozetazini ilegalman ak paran yo pandan yo te timoun, se yon sò ki poko garanti apre kongrè ameriken an ou Lamezon Blanch pat pran yon desizyon sou dosye a alòske yo te antann yo sou 5 mas 2018 la kòm dat pou yo di yon mo final sou kesyon sa a.

Jèn ki afekte yo te patisipe nan yon manifestasyon nan jounen lendi 5 mas la nan Washington, D.C., pou yo denonse absans pwogrè nan efò k ap fèt pou ranvèse desizyon Prezidan Trump te pran pou l mete fen nan Pwogram DACA a -yon pwogram ansyen Prezidan Barack Obama te mete an plas pou pwoteje jenn imigran sa yo kont depòtasyon; an menm tan tou pwogam nan te pèmèt yo viv ak travay san pwoblèm nan peyi a.

Jenn imigan benefisyè pwogram DACA a ki t ap pwoteste nan Washington.
Jenn imigan benefisyè pwogram DACA a ki t ap pwoteste nan Washington.

La Mezon Blanch lonje dwèt sou manm kongrè a ki, daprè administrasyon an, responsab sitiyasyon an, paske se yo ki pa pran yon desizyon sou dosye DACA a nan limit delè yo te gen pou sa. Demokrat yo, sou bò pa yo, lage chay la sou do Prizidan Trump ak lidè Repibliken yo nan Kongrè a puiske "Repibliken yo pat vote an favè yon pwopozisyon-lwa sou kesyon an" ki te parèt nan sena a. Demokrat yo repwoche prezidan Chanm Bas la, Paul Ryan, le fèt ke li pat soumèt pwopozisyon an devan depite yo.

Malgre sitiyasyon sa a, sò plis pase 700 mil jèn imigran pa anba menas pou sèvis imigrasyon ameriken depòte yo apre Kou Siprèm nan refize tande desizyon yon tribinal ba enstans te pran pou l bloke aplikasyon yon dekrè Prezidan Trump te pran pou l mete fen nan pwogram DACA a. Jan bagay yo ap mache la a, li pa sanble Kongrè a sou wout pou l panche l sou okenn pwopozisyon-lwa konsènan jèn imigran sa yo.

XS
SM
MD
LG