Accessibility links

Breaking News

Putin Anonse Larisi Posede Zam Estratejik Enparab - Lèzetazini Reyaji avèk Dout


Prezidan Vladimir Putin ki te pare pou l fè 14èm diskou li sou eta sitiyasyon jeneral la nan Larisi.
Prezidan Vladimir Putin ki te pare pou l fè 14èm diskou li sou eta sitiyasyon jeneral la nan Larisi.

Estratèj militè Lèzetazini yo pa tèlman atache twòp enpòtans nan deklarasyon prezidan Larisi a, Vladimir Putin, fè nan jounen premye mas 2018 la pou l anonse lame peyi li posede kounyela a zam nikleyè estratejik ki kapab frape nenpòt ki kote nan lemond. Prezidan Putin te anonse nouvote sa yo nan yon diskou li pwononse anvan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan Larisi.

Sepandan otorite militè ameriken yo panse pa gen verite nan deklarasyon lidè ris la; an tou, daopr yo, sa prezidan Putin anonse kòm nouvote a se nouvèl ansyen; paske yo te konnen sa deja. Konsa se avèk amizman pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sara Huckabee-Sanders, te abòde dosye a pou laprès nan menmm jou 2 mas la. Madam Sanders di :

Sarah Huckabee Serders, pòtpawòl La Mezon Blanch.
Sarah Huckabee Serders, pòtpawòl La Mezon Blanch.

" Prezidan Putin konfime yon bagay gouvènman ameriken an te konnen lontan deja; men Moskou te toujou di se pa vre. Sa gen plis pase 10 zan deja depi Larisi ap devlope kèk sistèm zam ki ka destabilize lemond, menmsi se yon vyolasyon obligasyon ki nan trete li siyen."

Nan yon pati nan diskou lidè ris la te fè a, sanble li t ap adrese li dirèkteman avèk Lèzetazini lè li te deklare:

"Tout sa nou te vle evite ak politik nou yo, tout sa deja rive; nou pa rive mete pyès limit sou Larisi."

Sepandan estratèj militè ameriken yo di yo pa p atache twòp atansyon nan deklarasyon lidè Kremlen an; paske, dapre yo, diskou sa a antre nan kad yon kanpay Misye Putin ap mennen nan moman l ap pare pou l patisipe nan yon eleksyon prezidansyèl.

XS
SM
MD
LG