WASHINGTON, DC —
Nan peyi d Ayit, gouvènman an pran yon desizyon ofisyèl, nan jounen jedi 22 fevriye 2018 la, pou l entèdi tout operasyon òganizasyon charite OXFAM nan peyi a ann atandan rezilta yon ankèt ki ouvè pou fè limyè sou akizasyon ki di anplwaye OXFAM te swadizan komèt eksplwatasyon sekyèl sou fanm ayisyèn pandan yo te nan peyi a pou ofiri aistans apre trablemanntè janvye 2010 la.
Minis ayisyen Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn nan, Mèt Aviol Fleurant, deklare òganizasyon byenfezans la te komèt "yon gwo erè, yon erè trè grav" lè li pa t mete otorite aysiyèn yo okouran de movèz konduit yo repwoche anplwaye OXFAM yo. Mèt Fleurant ajoute otorite yo ap bezwen 2 mwa anvan yo pran yon desizyon sou kesyon pou konenn si e kilè OXFAM ap kapab rekòmanse opere ann Ayiti.
Nan deklarasyon gouvènman an pibliye sou dosye a, li fè konnen:
"Aksyon kondanab yo a --ki potansyèlman se aksyon kriminèl-- aksyon ke ni akize yo, ni sipèvizè wo-nivo nan OXFAM (tankou Prezidan-Direktè-Jeneral la) rekonèt, reprezante yon vyolasyon grav diyite pèp ayisyen an. "
Desizyon otorite yo nan Pòtoprens pran pou yo entèdi OXFAM opere nan peyi a rive 2 jou aprè PDD OXFAM nan, Marx Goldring, te deklare òganizasyon byenfezans la ap mennen ankèt sou 26 akizasyon tou nèf, swa 26 nouvo ka, ki konsènen movèz konduit seksyèl anplwaye k ap travay nan branch entènasyonal òganizasyon an ta komèt aletranje.