Accessibility links

Breaking News

Michele Sison Prezante Lèt Kreyans Li kòm Nouvo Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti


Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Michele Sison (agoch) kap prezante lèt kreyans li bay Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (adwat)
Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Michele Sison (agoch) kap prezante lèt kreyans li bay Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (adwat)
Nouvo anbasadè Lèzetazini nan peyi d Ayiti, Michele Sison, prezante lèt de kreyans li bay Prezidan Jovenel Moise nan jounen mèkredi 21 fevriye 2018 la. Apre seremoni an, diplomat amerikèn nan fè deklarasyon sa a :
Fanfa Palè Nasyonal kap resevwa ak onè nouvo anbasadè ameriken an ann Ayiti, Michele Sison. 21 fevriye 2018. Palè Nasyonal, Pòtoprens, Ayiti.
Fanfa Palè Nasyonal kap resevwa ak onè nouvo anbasadè ameriken an ann Ayiti, Michele Sison. 21 fevriye 2018. Palè Nasyonal, Pòtoprens, Ayiti.
"Se yon gwo onè pou mwen le fèt ke yo mande mwen reprezante peyi m kòm nouvo anbasadè Lèzetazini ann Ayiti. Depi kòmansman ane 80 yo, Ayiti te toujou okipe yon plas espesyal nan kè mwen; mwen te kòmanse karyè diplomatik nan ane 1982 kòm yon jenn diplomat nan Pòtoprens, epi m te toujou sonje akèy len chalè pèp aysiyen an, bote natirèl peyi a, ak kilti san parèy plis yon istwa d Ayiti ki chaje fyète. "

Nouvèl anbasadris Sison ajoute :
"Sete yon gwo onè pou m te prezante lèt de kreyans mwen bay Prezidan Jovenel Moise maten an. Ayiti ak Lèzetazini pataje yon angajman trè fò vizavi libète, demokrasi ak eta-de-dwa. Lèzetazini ak tout Emisfè Oksidantal la genyen enterè vital nan sa kap pase ann Ayiti. Lèzetazini genyen yon respè estwòdinè pou pèp ayisyen an, e nou jwenn anpil fyète nan patenarya nou avèk Ayiti. Ayiti ak Lèzetazini pataje yon long istwa relasyon sere-sere, epi avni nou makònen ansanm gras ak prezans preske yon milyon Ayisyen-Ameriken Ozetazini, ki pote kontribisyon yo nan pwosperite Lèzetazini ak nan devlopman ekonomik Ayiti. "

.... Anbasadè Sison te prete sèman kòm chèf misyon diplomatik Lèzetazini ann Ayiti nan dat 12 fevriye 2018 la. Sa pa gen lontan li te mete fen nan travay li kòm vis Reprezantan Lèzetazini nan Nasyon Zini kote li te pase 3 zan. Anvan sa li te okipe tou pozisyon chèf misyon pandan 3 fwa kòm anbasadris Lèzetazini nan Sri Lanka ak Maldiv, Anbasaris Lèzetazini nan Liban, epi Anbasadris Lèzetazini nan Emira Arab Ini.
XS
SM
MD
LG