Accessibility links

Breaking News

Banlye Parkland, Sid Florid, Anba Chòk Toujou Apre yon Fiziyad ki Fè 17 Mò


Nikolas Cruz (ak rad prizonye, inifòm jonn abriko sou li) pandan li te parèt nan tribinal jedi 15 fevriye 2018 la.
Nikolas Cruz (ak rad prizonye, inifòm jonn abriko sou li) pandan li te parèt nan tribinal jedi 15 fevriye 2018 la.

Nan Parkland, yon banlye vil Miami, nan pati sid Eta Florid, popilasyon an toujou anba chòk emosyonèl depi mèkredi 14 fevriye 2018 la, jou kote yon elèv 19 van nan lise banlye a, Nikolas Cruz, te ouvè koutzam epi li touye 17 moun (elèv kou pwofesè) tandiske 14 lòt te ale lopital.

Elèv lekòl ki tap kriye jou fiziyad la te dewoule a nan Lise Marjory Stoneman Douglas, nan Parkland, Sid Florid.
Elèv lekòl ki tap kriye jou fiziyad la te dewoule a nan Lise Marjory Stoneman Douglas, nan Parkland, Sid Florid.

Pami elèv ki frekante lise a (Marjory Stoneman Douglas High School) genyen anpil jenn ayisyen tankou Max Charles avèk Stephan Désir. Papa Stephane (Luco Désir) di Lavwadlamerik se pandan li te ann Ayiti, kote li te al asiste kanaval la, madanm li ak lòt pitit li te rele li pou ba li nouvèl sou fiziyad la.

Foto Stéphane Désir, yon elèv ayisyen nan lise Marjory Stoneman Douglas, kote atak la te dwwoule mèkredi 14 fevriye 2018 la.
Foto Stéphane Désir, yon elèv ayisyen nan lise Marjory Stoneman Douglas, kote atak la te dwwoule mèkredi 14 fevriye 2018 la.

Stéphane pase 24 trè san fanmi li pat konnen ki kote li te ye, ni kisa ki te rive li. Yo ta pral resevwa yon bòn nouvèl nan jounen jedi a, lè manman yon lòt elèv te fè yo konnen li te pran Stephane nan machin li avèk 5 lôt elèv pou ba yo sekirite.

Temwayaj Luco Désir, papa elév Stephane Désir, sou fiziyad ki fèt nan Lise Parkland la, nan pati sid Eta Florid.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:02 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande temwayaj Luco Désir nan mikwo Serge Michel.

XS
SM
MD
LG