Accessibility links

Breaking News

13 Sitwayen Ris Akize deske yo te Mele Ilegalman nan Eleksyon Pezidansyèl 2016 yo Ozetazini


Prezidan Donald Trump (adwat) ak Pwosekitè Espesyal Robert Muller.
Prezidan Donald Trump (adwat) ak Pwosekitè Espesyal Robert Muller.

Ozetazini, yon gwoup jij denstriksyon anonse, nan jounen vandredi 16 fevriye 2018 la, lajistis amerikèn akize 13 sitwayen ris ak 3 antite peyi Larisi deske yo te patisipe nan yon komplo byen monte pou yo mele nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.

Se biwo pwokirè espesyal Robert Muller ki lanse akizasyon an. Li di sitwayen ris yo te pibliye fo anons sou medya sosyal yo e yo te fè fo piblisite nan non sitwayen ameriken pou enfliyanse chwa votan yo nan eleksyon ant Repibliken Donald Trump ak Demokrat Hillary Clinton.

Sa reprezante akizasyon pi dirèk jiskaprezan ki denonse aksyon ilegal Larisi te poze pou l chache enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl yo Ozetazini. Daprè akizasyon an, objektif la sete "simaye dezòd nan sistèm politik ameriken an, san bliye eleksyon prezidansyèl 2016 la."

Akizasyon yo pale de konspirasyon, fwod kominikasyon elektwonik, fwod bankè ak vòl idantite grav. Akizasyon an sòti nan ankèt Misye Muller ap mennen sou entèferans Larisi nan eleksyon an ak kesyon pou konnen si te gen kowòdinasyon ilegal ant dirijan kanpay Trump la ak Kremlen an.

Anvan jounen vandredi 16 fevriye a, 4 moun (pami yo gen yon ansyen konseye sekirite nasyonal Prezidan Trump ak chèf kanpay Trump la) te tonbe anba akizasyon nan kad ankèt Muller la. La Mezon Blanch pa fè okenn deklarasyon imedyamtan apre anons akizasyon ofisyèl la.

XS
SM
MD
LG