Accessibility links

Breaking News

Atakan Ouvè Zam sou Yon Lise nan Fort Lauderdale, nan Sid Florid. Bilan Pwovizwa: 20 Blese


Fiziyad nan yon lise nan Fort Lauderdale, sid Eta Florid.
Fiziyad nan yon lise nan Fort Lauderdale, sid Eta Florid.

Nan Awondisman Broward, tou prè Miami, nan Eta Florid, lapolis fè konnen yon nèg ame ouvè kout-zam nan yon lise nan katye Parkland; atakan an toujou nan mawon. Laprès poko gen twòp detay sou ensidan an; men gen o-mwen 20 moun ki blese.

Lapolis, anbilans ak ponpye ki te ale sou plas nan okazyon fiziyad nan Lise Marajory Stoneman Douglas, Fort Lauderdale, Florid.
Lapolis, anbilans ak ponpye ki te ale sou plas nan okazyon fiziyad nan Lise Marajory Stoneman Douglas, Fort Lauderdale, Florid.

Daprè lapolis toujou, otorite yo pa gen enfòmasyon sou viktim yo ni yo pa konnen si yo blese grav ou pa. Menm sous la di, vè 3 zè edmi nan apre-midi nan jounen mèkredi 14 fevriye 2018 la, sitiyasyon an tap evolye toujou -sa vle di ensidan an potko fini. Ajan FBI deja sou plas.

Imaj ki pase sou televizyon montre elèv ki t ap sòti youn apre lòt nan Lise Marjory Stoneman Douglas, nan Parkland, sou yon distans 72 kilomèt o nò Miami e 24 kilomèt a lwès Fort Lauderdale. Moun te ka wè anpil viktim sekouris t ap mete nan anbilans.

XS
SM
MD
LG