Accessibility links

Breaking News

Ankèt ap Dewoule sou Dife Ki Boule Mache An Fè Pòtoprens la


Moun ki kanpe devan sa ki rete nan Machè and Fè a nan Pòtoprens, Ayiti, madi 13 fevriye 2018 la. (Foto: Florence Lisené/VOA Creole).
Moun ki kanpe devan sa ki rete nan Machè and Fè a nan Pòtoprens, Ayiti, madi 13 fevriye 2018 la. (Foto: Florence Lisené/VOA Creole).
Ann Ayiti, otorite yo ap mennen ankèt sou koz yon dife ki detrui "Mache An Fè a" ou "Mache Hyppolite", youn nan atraksyon touristik nan kapital la, Pòtoprens. Defe sa a te pran nan batiman an nannuit lendi 12 pou leve madi 13 fevriye 2018 la. Se kakas mache a ki rete kounyela a.
Lè dife a te pran an, mache a te gen ladan n, antwòt, machandiz ak pwovizyon moun ki te vin patisipe nan selebrasyon Kanaval Nasyonal la ki te rive sou 3èm jounen li.
Pandan 2 dizèn dane ki pase yo, Mache an Fè a sibi anpil atak -pami yo gen yon dife i te pran an 2008; ansuit, 2 zan apre sa, an 2010, yon tranblemanntè te kraze buiding nan epi touye plizyè milye moun nan kapital la.
Kèk temwen pale ak Lavwadlamerik pou yo fè konnen yo te rele yon sèvis ponpye ki tou pre a; men sèvis la te reponn pou l di kamyon yo pa t gen ase gaz pou yo te fè fas ak sitiyasyon dijans sa a. Kamyon ki te sòti nan yon ponpye ki sitiye sou plizyè kilomèt distans te rive twò ta pou yo te anpeche mache a boule nèt.
Yon òmdafè peyi Lirland, ki te ofri plizyè milyon dola pou repare mache a an 2011, genyen pou l fè yon deklarasyon sou sitiyasyon an anvan fen jounen mèkredi 14 fevriye a
XS
SM
MD
LG