Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kanaval 2018: Popilasyon an Reponn o Randevou


Nan peyi d Ayiti, madi 13 fevriye a se dènye jou Kanaval Nasyonal la, edisyon ane 2018 la. Nouvèl yo fè konnen an jeneral festivite yo byen pase, popilasyon an te o randevou pou l patisipe, e animasyon mizikal la te varye e sa bay kanavalye yo satisfaksyon.
Lavwadlamerik pale ak Fred Lizère, manm komite òganizatè Kanaval Nasyonal la pou 2018, ki di komite a jwenn bon jan satisfaksyon ak jan bagay yo pase jiskaprezan. Sepandan, dapre Misye Lizère, rezilta yo ta pi pozitif si te gen plis kolaborasyon ant diferan sektè ki travay pou reyalizasyon evennman popilè sa a.
VOA pale tou ak Komisè Frantz Lerebourg ki abòde aspè sekirite festivite yo. Komisè Lerebourg deklare tou lapolis ap mennen ankèt sou dife ki te pran nannuit lendi pou leve madi a nan Mache Hyppolite -di Mache an Fè- pou yo konnen si se yon aksidan oubyen si se yon zak kriminèl.
XS
SM
MD
LG