Accessibility links

Breaking News

Pwokirè Espesyal Robert Mueller Vle Rankontre ak Prezidan Trump sou Enfliyans Larisi sou Prezidansyèl 2016 la


Mèt Robert Mueller, pwokirè espesyal ameriken k ap mennen ankèt sou rapò Larisi ak eleksyon prezidansyèl 20l6 la Ozetazini.
Mèt Robert Mueller, pwokirè espesyal ameriken k ap mennen ankèt sou rapò Larisi ak eleksyon prezidansyèl 20l6 la Ozetazini.
Ozetazini, pwokirè espesyal Robert Mueller ap chache wè kounye a si l ta rankontre ak Prezidan Donald Trump pou poze l kesyon sou desizyon li te pran ane pase a pou l revoke yon ansyen direktè FBI (Biwo Ankèt Federal la), James Comey, epi yon ansyen konseye sekirite nasyonal, Michael Flynn. Entèwogatwa sa a ka fè pati yon ankèt kriminèl Mèt Mueller ap mennen sou entèvansyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini.
Mèt Mueller ap mennen ankèt pou l konnen si Misye Trump te chache bloke travay lajistis lè, jan Misye Comey di sa a, kandida Trump te mande li, nan kòmansman ane 2017 la, pou l kite tonbe ankèt li tap mennen sou kontak Michael Flynn te genyen avèk yon diplomat ris ki te anbasadè Ozetazini nan epòk la -kontak ki te dewoule kèk semèn sèlman anvan Donald Trump te prete sèman. Kèk mwa apre sa, Prezidan Trump te revoke Mèt Comey ki, nan moman sa a, t ap dirije ankèt FBI sou Larisi a.
Prezidan Donald Trump (Foto achiv).
Prezidan Donald Trump (Foto achiv).
Daprè nouvèl ki parèt nan laprès amerikèn, moun pa konnen egzatteman si Misye Trump -ki rejte plizyè fwa pawòl kòmkwa responsab kanpay elektoral li a ta antre nan konnivans avèk ajan Larisi pou yo ede l ranpòte laviktwa- ebyen, moun poko konnen si Prezidan Trump pral dakò pou l reponn kesyon Mèt Mueller yo; si wi, ki kote entèvyou a pral dewoule epi ki fòma entèwogatwa a pral pran: èske kesyon yo pral ekri davans? èske se va yon rankont fas-a-fas? oubyen yon sesyon keyon-repons?
Sa gen kèk mwa, Prezidan Trump te di li dakò "100%" pou l rankontre ak anketè Robert Mueller yo; sepandan tou dènyèman la a li te poze kesyon pou l mande èske yon entèvyou konsa vrèman nesesè puiske tout prèv deja montre pat gen okenn antant ak dirijan kanpay li a avèk Larisi.
XS
SM
MD
LG