Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Politik : Eleksyn Prezidansyèl Fikse pou Avril 2018 la


Venezuela gen pou l òganize eleksyon pou yon nouvo prezidan anvan dat 30 avril 2018 la, e san di pètèt Nicolàs Maduro gen plan pou l ale dèyè yon lòt manda 6 zan devan yon opozisyon divize.
Tout manm Asanble Konstitiyant la san wete youn vote, madi 23 janvye 2018 la, pou yo apwouve nouvo eleksyon an. Pati ki sou pouvwa a --Pati Sosyalis la-- pral eseye konsolide pouvwa a li, menm si yon kriz ekonomik ap vin pi grav nan peyi a.
Pou kòmanse eleksyon an te fikse pou fen ane 2018 la; sepandan kèk analis te prevwa Misye Maduro ta pral avanse dat la pou l kapab pwofite de divizyon ki egziste nan mitan pati opozisyon yo ki pa antann yo sou fason rejim li a ap jere zafè peyi a. Daprè konstitisyon an, manda nouvo prezidan an ta dwe kòmanse an janvye 2019.
Sou rejim Maduro a valè lajan venezuelyen an (Bolivar la) desann nan yon nivo kote li preske pa vo anyen, epi pri pwodui konsomasyon yo monte 17 wòtè. Manje ak pwodui medikal vin ra anpil-anpil; konsa yon bann ak yon pakèt sitwayen venezuelyen ap soufri ak mal nitrisyon.
XS
SM
MD
LG