Accessibility links

Breaking News

Lapolis Bahamas Arete 70 Migran Ayisyen Ilegal


Se yon bato Gad Kòt ameriken ki te detekte ti bato ayisyen an tou pre Bahamas.
Se yon bato Gad Kòt ameriken ki te detekte ti bato ayisyen an tou pre Bahamas.
Nouvòl ki sòti Nassau, Bahamas, fè konnen lapolis peyi sa a poze arestasyon 70 sitwayen ayisyen nan pati sid zile a. Ayisyen sa yo t ap vwayaje nan yon ti bato.
Daprè yon deklarasyon Fos Defans Royal Bahamas la pibliye, otorite yo nan Nausso sispèk imigran sa yo se vwayajè ilegal ki te atire atansyon yon avyon patwouy Bahamas depi lavèy, aprè yon elikoptè Gad Kòt Lèzetazini te detekte yo nan nuit lendi 22 janvye a.
Bato a -ki mezire 40 mèt de longè e ki rele "Island Girl" - te tonbe anba men Gad Kòt Bahamas nan pati sid peyi sa a. Yo antre nan kapital la, Nassau, avèk ayisyen yo e otorite yo byen kapab depòte yo ann Ayiti nan jou k ap vini la yo.
Arestasyon sa a reprezante premye operasyon konsa otorite Bahamas yo lanse depi ane 2018 la te kòmanse. An 2017, fòs defans peyi a te arete anviwon mil 300 imigran ilegal nan kad yon operasyon koukouwouj pou konbat kontrebann kretyen vivan ak imigrasyon ilegal -pi fò nan imigran sa yo sete Ayisyen.
XS
SM
MD
LG