Accessibility links

Breaking News

Washington-Politik : Deba San Pan Souf ap Fèt Nan Sena Ameriken pou Evite yon Fèmti Gouvènman Federal la


Lokal Kongrè ameriken an
Lokal Kongrè ameriken an

Senatè ameriken yo -Repibliken tankou Demokrat- rekòmanse fè deba byen bonè vandredi 19 janvye a sou yon pwopozisyon-lwa Chanm Depite a te vote ta jedi pou anpeche fèmti gouvènman federal la a minui, lè Washington. Menm anvan sena a te kòmanse debat dosye a, prezidan Chanm dè Reprezantan an, Paul Ryan, te chache lage responsablite yon echèk pwopozisyon-lwa a sou do kan demokrat la sizoka senatè yo pa ta rive jwenn yon solisyon pou pwoblèm nan.

Prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, Paul Ryan.
Prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, Paul Ryan.

Misye Ryan deklare:

"Mwen mande pèp ameriken an chache konprann byen sa kap pase la a . Sèl moun ki bloke wout la pou anpeche gouvènman an rete ouvè, se senatè demokrat yo. Kit gouvènman an rete ouvè, kit li fèmen, sa depann konplètman de yo, demokrat yo."

Depte Adam Schiff (Demokrat Eta Kalifòni) reponn Misye Ryan pou l di :

"Enbyen, mwen panse se Prezidan ameriken an ki pwoblèmnan, paske le maten li gen yon opinyon, epi lè apremidi rive li chanje opinyon. Si pa tèlman genyen diskisyon ant Prezidan an ak lidèchip Pati Repibliken an, l ap difisil pou nou jwe football ak yon advèsè k ap deplase poto-gòl la detanzantan. Nou pa kapab negosye lè Prezidan an pa menm konnen ki kote l kanpe sou pwoblèm yo, paskle li ka pran yon direksyon oubyen yon lòt, tou depan de kiyès ki pale avèk li an dènye. Se Prezidan an ki kreye konfizyon an depi lè li te elimine pwogram DACA a pou l kreye yon kriz atifisyèl nan peyi-a."

De[ite Adam Schiff (D-Kalf.)
De[ite Adam Schiff (D-Kalf.)

Pandanstan, palmantè ameriken yo genyen 2 chwa devan yo: Se swa yo mete yo dakò sou yon lejislasyon ki pèmèt gouvènman federal la rete ouvè pandan yon mwa, oubyen yo kite gouvènman an fèmen jiskaske 2 kan yo va fin pa jwenn yon solisyon pou finanse operasyon gouvènmantal yo.

Kèk èdtan sèlman anvan deba yo te reprann nan Kongrè a, Prezidan Trump te pibliye yon tweet kote li rekonèt vòt senatè demokrat yo ap nesesè pou pasaj lejislasyon ki devan Sena a; men li ajoute egzijans Demokrat yo fè pou yo makònen pwoteksyon jenn imigran yo ak lejislasyon sa a ka lakoz yon fèmti gouvènman an kanmèm.

Sanble l ap difisil pou lejislasyon sa a –ki prevwa yon solisyon pwovizwa-- pase devan Sena a kote repibliken yo gen yon majorite tou mens. Demokrat yo --ki fè konnen nenpòt ki pwopozisyon lwa sou finnansman travay gouvènman an dwe gen ladan n yon dispozisyon ki pwoteje plizyè santèn milye timoun ki te antre nan peyi a ak paran yo san dokiman legal-- anonse yo pare pou yo fè kèk diskou byen long san pran souf nan Sena a(sa yo rele ann anglè filibuster) yon fason pou yo fè tan pase e anpeche Gran Kò a pran yon desizyon kèlkonk, jiskaske delè pou yo vote a pase.

Se pa premye fwa gouvènman federal la tap fèmen. Dènye fwa sa te rive, sete an 2013 ane kote Demokrat ak Republiken nan Kongrè a pat ka antann yo sou refòm nan sistèm swen sante a. Gouvènnman an te rete fèmen pandan 16 jou e plizyè santèn de milye anplwaye leta federal pa t al travay.

Ki biwo ki pral fèmen? Ki biwo ki pral kontinye travay? Sa pral depann; sepandan rechèch Leta federal finanse kapab bloke; pak nasyonal yo kapab fèmen; anplwaye federal ou anpwlaye Eta yo kapab resevwa kòb taks yo an reta; se konsa tou veteran lagè yo kapab pa resevwa chèk pansyon yo a-lè; epi pwogram federal ki fè distribisyon manje atravè peyi a kapab kanpe jan sa te fèt an 2013.

XS
SM
MD
LG