Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Paul Altidor Regrèt Move Pawòl Ki Ta Di sou Ayiti nan Lamezon Blanch


Anbasadè Paul Altidor Regrèt Move Pawòl Ki Ta Di sou Ayiti nan Lamezon Blanch
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:13 0:00
Anbasadè ayisyen an nan Washington, Paul Altidor, reyaji aprè laprès amerikèn te rapòte swadizan pawòl dezoblijan e degradan Prezidan Donald Trump ta pwononse kont Ayiti, Salvadò ak peyi afriken yo. Diplomat la, ki pale ak divès ògan de près Ozetazini -pami yo genyen Lavwadlamerik, NPR ak NBC, mete sou radyo mondyal britanik la, BBC- ensiste pou l di gouvènman ayisyen an konsidere deklarasyon Misye Trump yo, si yo verifye, kom pawòl regretab e yo ta fonde sou yon inyorans vrè istwa relasyon ant Ayiti avèk Lèzetazini.
Anbasadè Altidor konfime nouvèl ki fè konnen otorite ayisyen yo te konvoke Chargé d’Affaires ameriken an nan Pòtoprens, Robin Diallo, pou l bay eksplikasyon sou deklarasyon Prezidan Donald Trump la. Konvokasyon sa a dewoule pandan jounen vandredi 12 janvye 2018 la.
XS
SM
MD
LG