Accessibility links

Breaking News

Sanatè Ameriken Mande Prezidan Trump Leve Kanpe kont Menas Larisi


 Senatè demokrat Eta Maryland, Ben Cardin, di si Prezian Trump pa pran aksyon kont Moskou pou enjerans li nan dènye prezidansyèl yo, Larisi pral chache mele tou nan eleksyon 2020 an. (Foto Achiv).
Senatè demokrat Eta Maryland, Ben Cardin, di si Prezian Trump pa pran aksyon kont Moskou pou enjerans li nan dènye prezidansyèl yo, Larisi pral chache mele tou nan eleksyon 2020 an. (Foto Achiv).

Ozetazini, manm demokrat Sena a lanse avètisman pou yo di “yon operasyon Larisi te mennen pou minen demokrasi ammerikèn nan te ale pi lwen lontan pase eleksyon amerikèn yo” e yo akize prezidan Donald Trump deske li pa vle konfwonte menas ki mache ak yon aksyon konsa.

Pi gwo Lidè demokrat nan komisyon afè etranjè Sena a, Ben Cardin, ki reprezante Eta Maryland nan Gran Kò a, deklare: “Nou pa t janm wè anvan sa yon prezidan ameriken ki te fèmen je l sou yon menas grav konsa e ki mete sekirite nasyonal Etazini an danje. Toutotan Prezidan an pa pase alaksyon, Larisi pral chache fè enjerans ankò nan eleksyon prezidansyèl 2020 yo.”.

Prezidan ameriken an, Donald Trump (adwat) ak kòlèg ris li a, Vladimir Poutin.
Prezidan ameriken an, Donald Trump (adwat) ak kòlèg ris li a, Vladimir Poutin.

Senatè Cardin pibliye yon rapò manm staff blòk demokrat la nan Sena a te prepare, kote yo akize Moskou deske lap prepare yon atak manch long sou demokrasi ni lakay li, ni nan peyi etranje, e yo lanse yon apèl pou yo mande Lèzetazini prepare yon kont-strateji ki dwe kòmanse avèk lidèchip prezidan ameriken an.

XS
SM
MD
LG