Accessibility links

Breaking News

Ayiti\: Yon Moun Mouri Anba Inondasyon nan Nodwès; Meteyo Lanse Alèt pou Moun Rete Vijilan


Foto kimontre deka inondasyon move tan te fè nan Fòlibète, Nòdès peyi Dayiti, 8 septanm 2017 (Foto: Jaudelet Junior Saint Vil, korespondan Lavwadlamerik.)
Foto kimontre deka inondasyon move tan te fè nan Fòlibète, Nòdès peyi Dayiti, 8 septanm 2017 (Foto: Jaudelet Junior Saint Vil, korespondan Lavwadlamerik.)

Responsab meterolojik yo ann Ayiti mande popilasyon an pran prekosyon nan moman lapli ap kontinye tonbe nan plizyè Depatman peyi a. Dapre Christnette Saint George k ap travay nan Sèvis Hidrometeroljik la ann Ayiti depatman ki vize yo se Lwès, Sant, Nò, Nòdès, Nòdwès ak Sidès

Nan dapatman Nòdwès peyi a 1 mouri ak plizyè lòt blese se bilan lapli k ap tonbe depi plizyè jou nan Depatman an. Sèvis Pwoteksyon Sivil la di plizyè vil pa kapab konekte ak lòt akoz wout yo koupe ak rivyè yo ki desann.

XS
SM
MD
LG