Accessibility links

Breaking News

Imigrasyon USA /Lendi 8 Janvye 2018 : Fen Delè pou Yon Desizyon sou TPS pou Peyi Salvadò


Imigran k ap mande Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini renouvle TPS la.
Imigran k ap mande Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini renouvle TPS la.

Plizyè milye sitwayen salvadoryen k ap viv e k ap travay Ozetazini depi plizyè dizèn dane ap tann lendi 8 janvye kap vini la a pou yo konnen si gouvènman ameriken an pral pèmèt yo rete nan peyi a avèk Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) oubyen si yo pral fè fas ak depòtasyon.

Otorite fedreal ameriken yo te mete TPS la a la dispozisyon sitwayen kèk peyi k ap konfwonte sitiyasyon ekstrèmman difisil -an jeneral se peyi k ap fè fas ak dezas natirèl tankou tranblemanntè ak siklòn, epi lagè- sitiyasyon ki fè li difisil pou imigran sa yo retounen nan peyi yo pou yo viv an tout sekirite.

Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, Kirstjen Nielsen, ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Washington. (Foto: 14 desanm 2017).
Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, Kirstjen Nielsen, ki t ap bay yon konferans pou laprès nan Washington. (Foto: 14 desanm 2017).

Administrasyon ou jesyon TPS la mande pou otorite ameriken yo nana Depatman Sekirite Enteryè a (Department of Homeland Security) pase an revi fason sitiyasyon an ap chanje nan chak peyi konsène - pa egzanp, yo dwe chache konnen si lavi a amelyore ase nan peyi a pou sitwayen li yo pèdi kalifikasyon yo pou pwoteksyon TPS la bay la. An 2 mo, 3 pawòl, kesyon an se èske peyi a reprann li ase pou imigran li yo ki Ozetaini retounen lakay yo?

Pa gen peyi ki gen plis sitwayen li k ap viv ak TPS la sou tèritwa ameriken an pase Salvadò avèk yon afè de 200 mil benefisyè. Epi tou, se peyi ki jwenn pwoteksyon tanporè a depi pi lontan pase tout lòt peyi, swa depi 2 tranblemanntè te devaste eta santwo-ameriken sa a an 2001.

Otorite ameriken to bay eskplikasyon ki jistifye ;pwolongasyon TPS la chak fwa yon deside pwolonje li. Dènye fwa Depatman Sekirite Enteryè a te gen pou l bay eksplikasyon konsa, sete nan mwa jiyè 2016; lè sa a, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon -ki se yon banch nan depatman an ki responsab pou jesyon politik TPS la- te fè konnen pa egzanp, nap site: << Salvadò kontinye fè fas, byen ke tanporèman, avèk yon gwo deranjman nan kondisyn lavi pèp la akoz move konsekans seri tranblemanntè ki te frape peyi a an 2001." fen sitasyon. Eksplikasyon sa a -ki deja antre nan dosye dokiman ofisyèl Lèzetazini- di tou: "Sitiyasyon sa a rann peyi santwo-ameriken an enkapab, menmsi se tanporèman, pou l jere kòmsadwa retou sitwayen li yo." fen sitasyon.

Se evalyasyon sa a Sevis Sitwayènte ak Imigrasyon Lèzetaini an te bay pou l eksplike yon pwolongasyon TPS la pou Peyi Salvadò. Sete an jiyè 2016. Kisa otorite ameriken yo pral di imigran salvadoryen ki gen TPS yo anvan delè 8 janvye 2018 la rive nan bout li? N ap swiv; nou va enfòme ou.

XS
SM
MD
LG